Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)

18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.

Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.

Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”

Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.

Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”

Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”

10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”

Yo mennen Jezi devan Àn

(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)

12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)

15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”

Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”

18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:5 Se mwen menm Ekspresyon sa a te ka gen menm sans isit la, menm jan ak nan 8:24, 28, 58; 13:19. Menm bagay nan vèsè 8.
  2. 18:11 pran mezi soufrans Literalman, “bwè nan gode”. Jezi itilize ekspresyon sa a pou di li aksepte mezi soufrans li t ap ale sibi nan yon ti kras tan ankò.