Add parallel Print Page Options

Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikri k ap salye nou.

M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.

Poutèt nou konnen Bondye ak Jezi, Senyè nou an, se pou yo ban nou gras ak lapè an abondans.

Bondye ban nou tout sa n gen bezwen

Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li. Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.

Poutèt nou genyen benediksyon sa yo, an n fè tout sa n kapab pou n mete bagay sa yo nan lavi nou: mete bon konduit sou lafwa nou; mete konesans sou bon konduit nou; mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou; mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo. Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an. Men, moun ki pa grandi nan domèn sa yo, yo avèg. Yo pa wè klè sa yo genyen. Yo bliye Bondye te netwaye peche yo te genyen yo.

10 Poutèt sa, frè ak sè m yo, fè jefò pi plis pou nou ka konfime apèl ak chwa Bondye te fè pou nou an. Si nou fè sa konsa, nou p ap janm tonbe. 11 Wi, Bondye va louvri Wayòm ki p ap fini an byen laj pou nou, Wayòm Jezikris, Sovè ak Senyè nou an.

12 Se poutèt sa m vle fè n toujou sonje bagay sa yo. Se bagay nou konnen deja, nou toujou rete fèm nan verite nou te resevwa a. 13 Pandan m ap viv sou tè sa a toujou, m kwè se jis pou fè n toujou sonje bagay sa yo. 14 M konnen m pa lwen mouri. Jezikris, Senyè nou an, te fè m konn sa. 15 Men apre m fin pati, m ap fè tout sa m kapab, pou n toujou sonje ansèyman m yo.

Nou te wè laglwa Kris la

16 Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikri genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou. 17 Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.” 18 Epi nou te tande vwa a. Vwa a te soti nan syèl la, lè n te ansanm ak Jezi sou Mòn ki apa pou Bondye a.[a]

19 Sa fè n vin gen plis konfyans nan pawòl pwofèt yo. Nou byen fè, lè n bay pwofesi yo anpil enpòtans. Yo tankou yon lanp k ap klere yon kote ki fè nwa, jouk li prèske jou, tankou lè zetwal bajou kase a pote plis limyè nan kè nou. 20 Sa ki pi enpòtan, se pou n konnen pa gen okenn pwofesi nan Bib la yon pwofèt ka bay ak pwòp konpreyansyon l. 21 Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.

Footnotes

  1. 1:17-18 Evènman sa a rakonte nan liv Levanjil yo. Gade nan Mat 17:1-8; Mak 9:2-8; Lik 9:28-36.