2 Pyè 3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi ap retounen
3 Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat. 2 M ta renmen nou sonje pawòl pwofèt ki apa pou Bondye yo te konn ap di nan tan pase yo. Se pou n sonje kòmannman apot nou yo te ansenye nou tou: se kòmannman Senyè a ak Sovè a yo ye.
3 Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo. 4 Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.
5 Moun sa yo refize sonje sa k te pase nan tan lontan. Te gen syèl epi te gen tè a Bondye te kreye pa mwayen dlo epi li fè l soti nan dlo. Tou sa te rive fèt pa mwayen pawòl Bondye. 6 Epi tout bagay ki te egziste te peri nan dlo. 7 Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.
8 Men, byenneme m yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: “Pou Senyè a, yon jou se menm jan ak mil an, epi mil an se menm jan ak yon jou. 9 Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”
10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.[a] 11 Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye. 12 Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn. 13 Men Bondye fè nou yon pwomès. N ap tann pwomès la reyalize, yon syèl tou nèf ak yon tè tou nèf. Se yon plas kote lajistis va rete.
14 Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye. 15 Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li. 16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.
17 Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se kon sa n ap rete fèm nan lafwa nou. 18 Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.
Footnotes
- 3:10 yo pral jije Kèk nan kopi yo, oubyen ansyen vèsyon Grèk yo genyen “yo pral boule nan dife”, epi gen youn ki genyen “y ap disparèt”.
2 Peter 3
New International Version
The Day of the Lord
3 Dear friends,(A) this is now my second letter to you. I have written both of them as reminders(B) to stimulate you to wholesome thinking. 2 I want you to recall the words spoken in the past by the holy prophets(C) and the command given by our Lord and Savior through your apostles.(D)
3 Above all, you must understand that in the last days(E) scoffers will come, scoffing and following their own evil desires.(F) 4 They will say, “Where is this ‘coming’ he promised?(G) Ever since our ancestors died, everything goes on as it has since the beginning of creation.”(H) 5 But they deliberately forget that long ago by God’s word(I) the heavens came into being and the earth was formed out of water and by water.(J) 6 By these waters also the world of that time(K) was deluged and destroyed.(L) 7 By the same word the present heavens and earth are reserved for fire,(M) being kept for the day of judgment(N) and destruction of the ungodly.
8 But do not forget this one thing, dear friends: With the Lord a day is like a thousand years, and a thousand years are like a day.(O) 9 The Lord is not slow in keeping his promise,(P) as some understand slowness. Instead he is patient(Q) with you, not wanting anyone to perish, but everyone to come to repentance.(R)
10 But the day of the Lord will come like a thief.(S) The heavens will disappear with a roar;(T) the elements will be destroyed by fire,(U) and the earth and everything done in it will be laid bare.[a](V)
11 Since everything will be destroyed in this way, what kind of people ought you to be? You ought to live holy and godly lives 12 as you look forward(W) to the day of God and speed its coming.[b](X) That day will bring about the destruction of the heavens by fire, and the elements will melt in the heat.(Y) 13 But in keeping with his promise we are looking forward to a new heaven and a new earth,(Z) where righteousness dwells.
14 So then, dear friends, since you are looking forward to this, make every effort to be found spotless, blameless(AA) and at peace with him. 15 Bear in mind that our Lord’s patience(AB) means salvation,(AC) just as our dear brother Paul also wrote you with the wisdom that God gave him.(AD) 16 He writes the same way in all his letters, speaking in them of these matters. His letters contain some things that are hard to understand, which ignorant and unstable(AE) people distort,(AF) as they do the other Scriptures,(AG) to their own destruction.
17 Therefore, dear friends, since you have been forewarned, be on your guard(AH) so that you may not be carried away by the error(AI) of the lawless(AJ) and fall from your secure position.(AK) 18 But grow in the grace(AL) and knowledge(AM) of our Lord and Savior Jesus Christ.(AN) To him be glory both now and forever! Amen.(AO)
Footnotes
- 2 Peter 3:10 Some manuscripts be burned up
- 2 Peter 3:12 Or as you wait eagerly for the day of God to come
Copyright © 2017 by Bible League International
Holy Bible, New International Version®, NIV® Copyright ©1973, 1978, 1984, 2011 by Biblica, Inc.® Used by permission. All rights reserved worldwide.
NIV Reverse Interlinear Bible: English to Hebrew and English to Greek. Copyright © 2019 by Zondervan.