Add parallel Print Page Options

Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan. Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la. Nouvo kò a ap tankou yon rad nèf nou mete sou nou. Konsa nou p ap toutouni. Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi. Se Bondye li menm ki prepare tout sa pou nou. Li ban nou Sentespri a se tankou yon avalwa sou sa nou gen pou resevwa pita.

Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a. Nou viv lavi nou dapre sa nou kwè, men se pa dapre sa nou kapab wè. Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a. Objektif nou, se pou nou toujou fè Bondye plezi kit n ap viv isit nan kò sa kit nou parèt nan prezans li. 10 Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.

Nou se anbasadè Bondye

11 Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. 12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. 13 Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm. 14 Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.

16 Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se konsa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse konsa ankò. 17 Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo! 18 Tout sa soti nan Bondye: Li rekonsilye nou ak li menm pa mwayen Kris la. Li ba nou travay pou fè lòt moun vin rekonsilye avè l. 19 Wi, se Bondye li menm ki rekonsilye lemonn avèk limenm pa mwayen Kris la. Nan Kris la, Bondye pase yon trè sou peche nou yo. Apre sa li ba nou mesaj rekonsilyasyon an. 20 Konsa, nou se anbasadè Kris la. Bondye sèvi ak nou pou l rele lòt moun. Se nan non Kris la nou pale, n ap chache konvenk moun pou yo retounen byen ak Bondye ankò. 21 Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.

Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye. Bondye di:

“Nan pi bon moman an, mwen te tande w
    nan jou delivrans lan mwen te pote w sekou.”[a]

Ebyen, kounye a menm se moman favorab la. Kounye a menm se jou delivrans lan.

Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch. Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite. Nou pran baton, nou pran prizon, lapopilas atake nou. Nou sipòte tout kalite fatig, nou pase nuit san somèy, nou sibi grangou. Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik, nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.

Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a. Yo trete nou kòm enkoni, poutan yo byen konnen nou. Yo trete nou tankou moun ki prèske mouri poutan nou byen vivan. Yo pini nou men yo pa touye nou. 10 Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.

11 Zanmi m yo nan Korent, nou pale ak senserite. Nou louvri kè nou ba ou. 12 Wi, plas ou toujou nan kè nou. Se ou menm ki sanble ou pa gen plas nan kè w pou nou. 13 M ap pale ak nou tankou papa ak pitit. Fè menm jan ak nou, louvri kè w byen laj ba nou!

Nou se Tanp Bondye vivan an

14 Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. 15 Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la?[b] Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? 16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[c] vivan an. Se Bondye menm ki di l:

“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
    Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
    epi se yo menm k ap pèp mwen.”[d]
17 “Se sa k fè pawòl Senyè a di:
Soti nan mitan yo.
    Separe w, retire kò w sou yo.
Pa touche anyen ki pa pwòp,
    epi m ap aksepte ou.”[e]
18 “M va yon papa pou ou
    ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen,
    se sa Senyè ki toupisan an di.”[f]

Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.

Pòl ap eksprime jwa li

Tanpri, ouvri kè w ba nou. Nou pa fè okenn moun enjistis, ni nou pa chache kòwonpi okenn moun. Nou pa chache pran avantaj sou okenn moun. Mwen pa vle nou pran sa m di tankou se yon blam. Mwen di nou sa deja: mwen renmen nou tèlman, mwen prèt pou m mouri pou nou oubyen pou viv pou nou. Mwen santi m kapab fè n gen anpil konfyans. Mwen fyè de nou. Malgre tout pwoblèm mwen rankontre avèk nou, mwen santi m kontan anpil epi mwen jwenn anpil ankourajman.

Lè nou te rive Masedwàn, nou te san repo. Pwoblèm te sènen nou toupatou. Sou deyò nou te fè fas ak gwo batay. Anndan, te gen anpil krentif nan kè nou. Men Bondye ki konn ankouraje moun ki nan lafliksyon te ankouraje nou lè Tit te rive bò kote nou. Non sèlman rive Tit la te yon ankourajman, men nouvèl li te ba nou te ankouraje nou pi plis toujou. Li fè nou konnen kijan ou te sèvi ankourajman pou li. Li di nou jan ou ta renmen wè nou. Li di nou jan ou regrèt sa k te pase a. Li pale sou ki valè sousi ou gen pou mwen. Sa te vin fè m pi kontan toujou.

Menmsi lèt mwen te voye anvan an te fè nou tris, mwen pa regrèt ditou mwen te voye l. Wi, mwen byen regrèt konnen lèt la te fè nou tris, men sa se te pou yon ti tan. Men kounye a mwen kontan, pa paske nou te tris men paske tristès la fè nou repanti. Kalite tristès sa a fè Bondye plezi. Konsa ou pa ka di nou te fè ou ditò. 10 Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta. 11 Tristès ou te genyen an, se kalite ki fè Bondye plezi a. Annik gade rezilta yo! Nou vin gen bòn dispozisyon. Nou vle defann inosans nou. Nou montre endinyasyon nou! Nou pè fè sa ki mal. Nou anvi wè m. Nou pa kache sousi nou. Nou montre anpil volonte pou nou pini koupab la. Nou bay prèv nou pa t koupab nan pwoblèm ki te poze a. 12 Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou. 13 Se sa k fè reyaksyon ou lan pote ankourajman pou nou konsa.

Anplis de ankourajman an, nou kontan anpil pou nou wè jan Tit kontan nan fason nou te akeyi l epi fè l santi l alèz. 14 Mwen te di Tit janm fyè de nou, epi nou pa fè anyen pou ta fè m wont. Nou toujou di w verite a, epi sa nou te di Tit de ou menm nan te pwove se te verite a. 15 Tit vin renmen nou pi plis toujou lè l sonje kijan nou te prèt pou obeyi ak kijan nou te resevwa l avèk respè ak imilite. 16 Mwen santi m tèlman kontan paske m ka fè nou konfyans nètale.

Pòl ap ankouraje moun yo pou yo bay

Kounye a, frè m ak sè m yo, mwen ta renmen fè nou konnen kisa gras Bondye fè nan legliz Masedwàn yo. Kretyen sa yo pase anba anpil afliksyon, epi yo pa moun ki gen lajan. Men yo gen yon jwa k ap debòde ki lakòz yo laj nan jan yo bay. Mwen temwen, kretyen sa yo bay selon posibilite yo, epi yo menm depase posibilite yo. Yo fè tout sa ak pwòp volonte yo. Yo ensiste anpil pou nou ba yo privilèj pou yo patisipe nan voye yon èd pou pèp Bondye a. Yo bay nan yon fason nou pa t espere: yo bay Bondye tèt yo an premye epi pou nou menm, yo bay lajan yo. Se sa Bondye vle.

Konsa, nou mande Tit pou l al fini travay ankourajman li te kòmanse lakay nou an sou kesyon ofrann sa a. Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.

Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede. Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.

10 Nan kesyon n ap trete a, men sa m panse ki pi bon: ane pase nou te premye gwoup ki te vle kolekte ofrann nan, epi se nou ki te kòmanse l an premye. 11 Kounye a, se pou nou fini sa nou te kòmanse a. Se pou rezilta yo montre menm kalite devouman nou te genyen lè n te kòmanse a. Bay selon mwayen nou. 12 Kèlkeswa kantite nou bay, li akseptab si nou bay li ak tout kè nou epi selon mwayen nou. Pèsòn p ap mande nou pou bay sa nou pa genyen. 13 Se pa traka n ap chache ba ou pandan n ap chache soulaje lòt moun. Se sèlman yon egalite n ap eseye etabli. 14 Jodi a, se ou k nan abondans epi w ap ede sa yo ki nan bezwen. Demen si ou nan bezwen, lòt ki nan abondans, y ap ede w. Se sa nou rele egalite a. 15 Men sa ki ekri nan Bib la:

“Sa yo ki te ranmase anpil pa t gen twòp.
    Epi sa yo ki te ranmase yon ti kras pa t jwen twò piti.”[g]

Tit ak konpanyon l yo

16 Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou. 17 Li te aksepte demand nou te fè l. Li te menm pi chofe pase nou pou l retounen ak pwòp volonte l pou vizite nou. 18 N ap voye yon lòt frè avè l. Se yon frè tout legliz yo apresye pou travay l ap fè pou gaye Levanjil la. 19 Anplis, se legliz yo menm ki te chwazi l pou l ka vwayaje ak nou pandan n ap jere ofrann sa a. N ap fè sa yon fason pou fè lwanj pou Senyè a epi pou montre dezi nou genyen pou n ede.

20 Nou pran prekosyon pou okenn pa kritike jan nou jere gwo ofrann sa a. 21 Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.

22 N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.

23 Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la. 24 Konsa, bay mesye yo prèv nou renmen yo toutbon. Bay tout legliz yo prèv tou nou gen rezon pou fyè de ou konsa.

Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan

An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an. Si gen moun ki soti Masedwàn ki vini avèk mwen, epi pou yo ta jwenn nou pa pare, m ap wont. M ap wont, paske mwen tèlman kwè nan nou. Ou menm tou, w ap wont! Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.

Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l. Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, konsa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. Jan Bib la di l la:

“Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo.
    Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.”[h]

10 Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. 11 Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo.

12 Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. 13 Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. 14 Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pat merite nou jwenn nan Bondye. 15 Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!

Footnotes

  1. 6:2 Sitasyon sa a soti nan Eza 49:8.
  2. 6:15 dyab la Literalman, “beliar”, se yon fòm pou mo Ebre “belyal”, ki vle di “san diyite” yo te sèvi ak mo sa a kòm yon referans pou dyab la ou byen lènmi Kris la.
  3. 6:16 tanp Bondye Kay Bondye, kote pèp Bondye a vini pou adore Bondye. Nan kontèks sa a li vle di kretyen yo se tanp espirityèl kote Bondye ap viv.
  4. 6:16 Sitasyon sa a soti nan Lev 26:11-12.
  5. 6:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 52:11.
  6. 6:18 Sitasyon sa a soti nan 2 Sa 7:14; 7:8.
  7. 8:15 Sitasyon sa a soti nan Egz 16:18.
  8. 9:9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 112:9.