Add parallel Print Page Options

16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[a] vivan an. Se Bondye menm ki di l:

“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
    Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
    epi se yo menm k ap pèp mwen.”(A)
17 “Se sa k fè pawòl Senyè a di:
Soti nan mitan yo.
    Separe w, retire kò w sou yo.
Pa touche anyen ki pa pwòp,
    epi m ap aksepte ou.”(B)
18 “M va yon papa pou ou
    ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen,
    se sa Senyè ki toupisan an di.”(C)

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:16 tanp Bondye Kay Bondye, kote pèp Bondye a vini pou adore Bondye. Nan kontèks sa a li vle di kretyen yo se tanp espirityèl kote Bondye ap viv.