Add parallel Print Page Options

13 Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.”(A) Se kon sa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale. 14 Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li. 15 Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.

Read full chapter