Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an.

Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze.

Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fè l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou.

Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.

¶ Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.

Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.

Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.

La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an.

Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.

10 Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.

11 ¶ Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l' ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l' pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye.

12 Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyè a, fè nou.

Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè a.

Se pou gras ak lapè Bondye, Papa nou, ak Jezikris Segnè a tonbe sou ou. Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou. Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.

Pòl ap pale sou jijman Bondye

Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye. Bondye ap fè sa ki dwat. L ap jije moun k ap fè w soufri yo. Epi se jistis, pou ou menm k ap soufri pou Bondye fè ou gen kè poze, se pa ou menm sèlman, men nou menm tou. Sa gen pou l rive lè SENYÈ Jezi va retounen sòti nan syèl la ak lame anj li yo. Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an. Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl. 10 Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.

11 Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen. 12 Alafen, moun pral fè lwanj pou non Senyè Jezi poutèt ou menm, epi ou ap gen pou resevwa lonè tou poutèt li menm pa mwayen lagras Bondye ak Senyè Jezikris.