Add parallel Print Page Options

¶ Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m' fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj.

Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.

Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo.

Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.

Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.

Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.

Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.

¶ Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.

Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.

10 Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou.

11 Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.

12 Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.

13 Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.

14 Mwen konnen Bondye ki te fè Seyè Jezi leve soti vivan nan lanmò a, li gen pou l' fè m' tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l' fè m' parèt ansanm ak nou devan li.

15 Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.

16 Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou.

17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.

18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Trezò espirityèl nan po an ajil

Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l. Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye. Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè. Chèf[a] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye. Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[b] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.

Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. Pwoblèm anviwonnen nou toupatou, yo pa kraze nou. Anpil fwa nou pa konn kisa pou nou fè, nou p ap bay legen. Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou. 10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou. 11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri. 12 Konsa, lanmò ap fè travay li nan nou, men lavi ap fè travay li nan ou.

13 Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.”[c] Se konsa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale. 14 Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li. 15 Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.

N ap viv pa lafwa

16 Non, nou p ap bay legen. Se vre kò fizik nou ap desann, men lespri ki ladann ap vin pi nèf chak jou. 17 Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi. 18 Konsa nou pa konsantre panse nou sou sa n wè, men nou konsantre panse nou pito sou sa nou paka wè. Sa nou wè jodi a la pou yon tan. Sa nou pa ka wè a, li la pou letènite.

Footnotes

  1. 4:4 Chèf Literalman, “bondye”.
  2. 4:6 Se pou … fènwa Gade nan Jen 1:3.
  3. 4:13 Sitasyon sa a soti nan Sòm 116:10.