Add parallel Print Page Options

¶ Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fè nou lapenn ankò.

Si pou m' ta fè nou lapenn, ki moun ki pou ta fè kè m' kontan ankò? Eske se ta moun mwen ta fè lapenn yo?

Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou.

Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil.

¶ Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m' pa al twò lwen, pito m' di se kèk nan nou li fè lapenn.

Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.

Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l' nèt.

Se poutèt sa, m'ap mande nou pou nou aji avè l' yon jan pou fè l' wè jan nou renmen li.

Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou.

10 Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non, men, lè m' fè sa, mwen fè l' pou nou devan Kris la,

11 pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li.

12 ¶ Lè mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m' yon bèl okazyon pou m' te travay la.

13 Men, kè m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan.

14 Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la.

15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.

16 Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?

17 Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.

Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou. Si m fè nou tris, ki lès k ap fè kè m kontan? Èske se pa menm nou menm mwen fè tris la? Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou. Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.

Pòl mande padone yon moun ki te aji mal

Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.) Pinisyon majorite moun legliz la te ba li a sifi. Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone. M ap egzòte nou pou nou manifeste lanmou anvè li. Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay. 10 Depi nou padone yon moun, mwen menm tou mwen padone l. Epi si te gen yon bagay pou m padone, mwen padone l poutèt nou, nan prezans Kris la. 11 Mwen fè l konsa pou Satan pa jwenn okenn avantaj sou nou. Nou konnen byen ki plan li genyen.

Bondye ap ban nou viktwa sou pwoblèm yo

12 Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre, 13 men m pa t ka rete, paske mwen te gen twòp sousi lè m pa t wè frè mwen, Tit. Mwen te di moun yo orevwa epi m pati pou Masedwàn.

14 Men nou di Bondye mèsi, li menm ki toujou ban nou vikwa pa mwayen Jezikris. Bondye sèvi ak nou pou gaye nouvèl Kris la kèlkeswa kote nou pase, tankou yon pafen santi bon. 15 Wi, nou se pafen santi bon Kris la, kit pou moun ki sou wout delivrans lan kit pou moun ki sou wout pèdisyon an. 16 Pou sa yo ki sou wout pèdisyon, pafen an gen odè lanmò. Epi li pote lanmò pou yo. Men pou sa yo ki sou wout delivrans lan, pafen an gen odè lavi. Epi li pote lavi. Kilès ki diy ase pou fè travay sa a? 17 Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.