Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou.

Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan.

Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.

Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.

¶ Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an.

Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.

¶ Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la.

Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.

Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.

10 ¶ Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li.

11 Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

12 ¶ Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt.

13 Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.

Ansyen[a] an ap salye nou.

M ap voye lèt sa a bay dam[b] Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a[c] ki renmen nou.

Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan. Se pou gras, mizerikòd ak kè poze ki soti nan Bondye Papa a, ak nan Jezikris pitit Bondye a avè w pandan ou ap mache nan verite a ak nan lanmou.

Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la. Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt. Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.

Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun konsa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la. Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou[d] te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.

Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun konsa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la. 10 Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l. 11 Paske yon moun ki antre nan kominyon ak yon moun konsa vin patisipe nan move zak l ap komèt.

12 Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt. 13 Pitit sè[e] w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.

Footnotes

  1. 1:1 Ansyen Se petèt apot Jan li menm. “Ansyen” vle di yon mesye aje oubyen yon lidè espesyal nan legliz la (tankou nan Tit 1:5).
  2. 1:1 dam Sa kapab vle di yon madanm. Oubyen, nan lèt sa, li kapab vle di legliz. Si li vle di legliz, lè sa a “pitit li yo” ta vle di moun ki nan legliz la. Se menm bagay pou vèsè 5.
  3. 1:1 verite a La verite oubyen “Bòn Nouvèl” konsènan Jezikris ki mare tout kwayan yo ansanm.
  4. 1:8 nou Kèk kopi nan lang grèk la genyen “ou”.
  5. 1:13 Se sè dam nan vèsè 1 an. Petèt se yon lòt sè osinon yon lòt legliz.