Add parallel Print Page Options

25 ¶ Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an.

¶ Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil (3.000) tèt mouton ak mil (1000) tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo.

Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.

Antan David nan dezè a, li vin konnen Nabal t'ap taye lenn mouton l' yo.

Li voye dis jenn gason bò kote l'. Li di yo konsa: -Moute lavil Kamèl, ale lakay Nabal, n'a di l' mwen voye bonjou pou li.

Men sa n'a di l': David, frè ou, voye bonjou pou ou ak pou tout moun lakay ou. Li swete tout bagay ap mache byen lakay ou.

Li tande ou ap taye lenn mouton ou yo. Li voye di ou lè gadò mouton ou yo te avèk nou, nou pa t' janm fè yo anyen. Yo pa janm pèdi anyen pandan tout tan yo te nan zòn Kamèl la.

Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan.

Mesye David yo rive vre, yo bay Nabal komisyon an nan non David. Epi yo rete tann.

10 Apre yon ti tan, Nabal reponn yo: -David? Pitit gason Izayi a? Mwen pa konnen l' non. Atò, koulye peyi a plen yon bann domestik ki sove kite lakay mèt yo.

11 Anhan! Pou m' pran pen ak dlo lakay mwen ak vyann bèt nou fè touye pou gadò mouton m' yo, pou m' bay yon bann moun mwen pa konnen kote yo soti?

12 ¶ Mesye yo tounen al jwenn David. Lè yo rive, yo rapòte ba li tou sa Nabal te di.

13 David di yo: -Pran nepe nou, pase yo nan ren nou. Yo tout pase nepe yo nan ren yo. David tou. Lèfini, katsan (400) nan mesye yo ale avèk David. Lòt desan yo (200) rete dèyè ak pwovizyon yo.

14 Yonn nan domestik Nabal yo al avèti Abigayèl, madanm Nabal, li di l': -David te voye kèk mesaje soti nan dezè a avèk bèl bonjou pou mèt nou an. Men li menm, li pale mal ak yo.

15 Men, mesye sa yo te bon pou nou: Yo pa t' janm chache nou kont. Nou pa t' janm pèdi anyen pandan tout tan nou te la ansanm ak yo nan savann lan.

16 Yo te pwoteje nou lajounen kou lannwit pandan tout tan nou te la nan mitan yo ap pran swen bann mouton nou yo.

17 Koulye a, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l'. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li.

18 ¶ Abigayèl prese pran desan (200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (200) gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik.

19 Lèfini, li di domestik li yo: -Nou mèt pran devan, mwen menm mwen dèyè. Men li pa di Nabal, mari l' anyen.

20 Abigayèl te moute sou yon bourik. Li t'ap desann yon ti mòn lè li rive nan yon koub, li tonbe bab pou bab ak David ki t'ap mache sou li ansanm ak mesye l' yo. Yo kontre.

21 David t'ap di nan kè li: -Sa m' te bezwen pwoteje tou sa nonm sa a te genyen nan dezè a fè? Li pa janm pèdi anyen nan sa ki te pou li. Epi se konsa l'ap peye m' pou tout byen mwen fè pou li yo?

22 Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si anvan denmen maten mwen pa touye dènye moun lakay li, granmoun kou timoun.

23 Wè Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l' ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè.

24 Apre sa, li lage kò l' nan pye David, li di l' konsa: -Tanpri, chèf mwen, ban m' pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou.

25 Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo.

26 Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.

27 Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.

28 Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.

29 Si yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Seyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l' tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal.

30 Konsa, lè Seyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la,

31 wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'.

32 ¶ David di Abigayèl konsa: -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m'!

33 Kite m' di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou deske jòdi a ou vin kenbe men m' pou m' pa mete san moun deyò, pou m' pa tire revanj mwen mwen menm.

34 Seyè a pa kite m' fè ou anyen. Men tou, si ou pa t' prese vin kontre avè m', mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, anvan denmen maten tout gason fanmi Nabal yo, ata ti gason piti yo, t'ap pèdi lavi yo.

35 Abigayèl renmèt David tou sa li te pote, epi David di l': -Tounen lakay ou ak kè poze! Mwen koute tou sa ou di m' la a. Ou pa bezwen bat kò ou.

36 ¶ Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.

37 Nan maten, lè Nabal fin desoule, madanm li rakonte l' tout bagay. Msye fè yon kriz kè, li vin paralize nan tout kò l'.

38 Dis jou apre sa, Seyè a frape Nabal, Nabal mouri.

39 Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: -Lwanj pou Seyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m' lan, li kenbe men m' pou m' pa fè sa ki mal. Seyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l' pou madanm.

40 Moun David yo al jwenn Abigayèl lavil Kamèl. Yo pale avè l', yo di l' konsa: -David voye nou bò kote ou pou nou mennen ou ba li pou l' sa marye avè ou.

41 Abigayèl leve, li lage kò l' ajenou, li bese tèt li atè epi li di: -Se domestik li mwen ye, mwen tou pare pou m' lave pye moun pa l' yo.

42 Abigayèl leve byen vit, li moute bourik li. Li pran senk jenn fi ki t'ap sèvi avè l' lakay li. Li pati ak mesaje David yo. Se konsa li vin madanm David.

43 David te deja marye ak Akinoam, moun lavil Jizreyèl. Li vin pran Abigayèl koulye a, sa te fè l' de madanm.

44 Sayil menm bò pa l' te pran Mikal, pitit fi li a ki te madanm David, li marye l' ak Palti, pitit gason Layis, moun lavil Galim.

26 ¶ Moun ki rete nan dezè Zif yo al jwenn Sayil lavil Gibeya, yo di l': -Men David kache sou ti mòn Akila a, sou limit dezè peyi Jida a.

Sayil pati lamenm avèk twamil (3000) sòlda nan pi bon sòlda peyi Izrayèl la. Li desann nan dezè Zif la al dèyè David.

Li moute kan li sou ti mòn Akila a, toupre wout la, sou limit dezè a. David menm te nan dezè a toujou. Lè li vin konnen Sayil te vin dèyè l' nan dezè a,

li voye kèk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezè a.

David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'.

¶ David pale ak Akimelèk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frè Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilès nan nou de a ki ta vle desann avè m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avè ou.

Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wè Sayil kouche ap dòmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tè a bò tèt li. Abnè ak tout rès sòlda yo te kouche bò kote l' ap dòmi tou.

Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.

Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.

10 Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.

11 Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale.

12 David pran frenn lan ak krich dlo ki te bò tèt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wè sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dòmi an. Yo te dòmi nèt ale, paske Seyè a te fè yon gwo dòmi pran yo.

13 ¶ Lè sa a, David janbe lòt bò fon an, li kanpe sou tèt ti mòn lan, byen lwen ak yon bèl distans nan mitan li ak lame a.

14 Li pran rele sòlda yo ak Abnè, pitit gason Nè a, li di yo konsa: -Abnè o! Eske ou tande mwen? Abnè reponn: -Kilès k'ap rele nan zòrèy wa a konsa?

15 David di li: -Se pa gason ou ye? Ki moun ki ka koresponn avè ou nan peyi Izrayèl la? Poukisa ou pa pwoteje wa a, mèt ou, pi byen? Talè a, gen yon moun ki antre nan kan an ak lide pou l' te touye wa a.

16 Li pa bon non sa ou fè a. Ou manke sou travay ou, Abnè. Mwen fè sèman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mèt nou, wa Seyè a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bò tèt li a?

17 Sayil rekonèt vwa David, li di: -David, pitit mwen, se ou menm pa vre? David di li: -Se mwen wi, monwa!

18 Apre sa, li di ankò: -Chèmèt mwen, poukisa w'ap pousib mwen konsa, mwen menm k'ap sèvi ou la? Kisa m' fè? Ki krim mwen fè?

19 Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.

20 Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!

21 ¶ Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.

22 David reponn li: -Monwa, men frenn ou an. Fè yonn nan moun ou yo janbe vin chache l'.

23 Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.

24 Menm jan mwen te gen respè pou ou jòdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyè a pou l' fè menm bagay la pou mwen tou, lèfini pou l' wete m' nan tout tèt chaje sa yo.

25 Sayil di David: -Se pou Bondye beni ou, pitit gason mwen! Se pou tou sa w'ap fè mache byen! Apre sa, David al fè wout li, Sayil menm tounen lakay li.

27 ¶ David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò.

David leve ansanm ak sisan (600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.

David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl.

Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li.

David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la.

Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo.

David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo.

¶ Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.

Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich.

10 Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.

11 Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a.

12 Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'.