Font Size
1 Tesalonisyen 4:3-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 4:3-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Sa Bondye vle: se pou ou viv yon lavi ki sen. Li vle pou ou evite imoralite seksyèl. 4 Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab.[a] 5 Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye. 6 Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo. 7 Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li. 8 Konsa nenpòt moun ki pase pawòl sa yo anba pye, se pa yon nonm l ap meprize men se Bondye, li menm ki ban nou Sentespri a.
Read full chapterFootnotes
- 4:4 Oubyen “Bondye vle pou nou chak aprann viv ak madanm nou nan yon fason ki sen epi ki fè lwanj pou Bondye.”
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International