Add parallel Print Page Options

¶ Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.

Salomon ba yo mesaj sa a pou yo pote bay Iram:

-Ou konnen ak lagè David, papa m', te genyen ak peyi ki toupre l' yo, li pa t' kapab bati yon kay kote pou yo adore Seyè a, Bondye li a, toutotan Seyè a pa t' fè l' kraze lènmi l' yo anba pye l'.

Men koulye a, Seyè a, Bondye mwen an, ban m' lapè sou tout fwontyè yo. Mwen pa gen moun pou chache m' kont, ni moun pou fè m' move kou.

Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an.

Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.

Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!

Apre sa, Iram voye di Salomon: -Mwen resevwa mesaj ou a. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo.

Moun pa m' yo va pote madriye yo desann soti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m' yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m' pwovizyon pou moun pa m' yo.

10 ¶ Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen.

11 Salomon menm, bò pa l', bay Iram sanmil (100.000) barik ble ak sandimil (110.000) galon lwil oliv chak lanne pou l' bay moun li yo manje.

12 Seyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.

13 wa Salomon fè ranmase trantmil (30.000) moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve.

14 Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil (10.000) moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li.

15 Salomon te gen katrevenmil (80.000) moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil (70.000) moun pou pote yo lavil Jerizalèm,

16 san konte twamil twasan (3.300) fòmann gouvènè yo te nonmen alatèt mesye sa yo pou kontwole travay yo.

17 Wa Salomon te bay lòd pou yo taye kèk gwo blòk nan bèl wòch pou sèvi fondasyon kay la.

18 Se konsa bòs mason Salomon yo ak bòs mason Iram yo ansanm ak mesye lavil Gebal yo te pare blòk wòch ak bwa pou bati Tanp lan.