Font Size
1 Timote 5:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 5:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Pi plis sou ansyen yo ak lòt bagay ankò
17 Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye. 18 Men sa Bib la di, “Lè w ap fè yon bèt travay pou rekòlte, pa mare bouch li pou l pa manje nan rekòt la”(A). Epi ankò, “Moun k ap travay la merite gen yon salè.”(B)
19 Pa aksepte akizasyon moun ap pote kont yon ansyen. Fòk ta gen de ou twa temwen pou akize yon lidè.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International