Add parallel Print Page Options

16 Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li[a] dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.

Pi plis sou ansyen yo ak lòt bagay ankò

17 Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye. 18 Men sa Bib la di, “Lè w ap fè yon bèt travay pou rekòlte, pa mare bouch li pou l pa manje nan rekòt la”(A). Epi ankò, “Moun k ap travay la merite gen yon salè.”(B)

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:16 dam … li Kèk kopi Grèk genyen “mesye ou dam … li.”