Add parallel Print Page Options

Lidè nan legliz yo

Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal[a] nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè. Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li.[b] Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen. Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan. Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite. Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?

Li pa dwe you moun ki fenk konvèti, pou lògèy pa monte l nan tèt. Sa ta fè l tonbe anba menm kondanasyon ki rezève pou Satan. Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.

Lòt sèvitè ak sèvant k ap ede yo

Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan. Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp. 10 Se pou nou mete yo nan travay pou egzamine yo anvan. Apre sa, si nou pa gen anyen pou n repwoche yo, lè sa a, yo va sèvi kòm dyak.

11 Se menm bagay pou medam[c] yo tou. Yo dwe moun ki fè respè yo. Yo pa dwe nan pale moun mal. Yo dwe moun ki kontwole tèt yo byen, moun yo fè konfyans nan tout bagay.

12 Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo. 13 Moun ki fè travay yo byen, moun va onore yo. Y ap rete byen fèm nan lafwa yo nan Jezikris.

Sekrè lavi nou

14 M ap ekri w, men m swete ale wè w pa lontan. 15 Konsa, si m ta pran yon ti tan anvan m vini, ou va konnen kijan pou ou konpòte w nan fanmi[d] Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a. 16 Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte:

Nou te konnen Kris,[e]
    lè l te vin pran fòm yon moun;
Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye,
    se verite a;
zanj yo te wè l.
    Mesaj konsènan Jezi a te preche
    pami tout nasyon yo;
Moun toupatou sou latè kwè nan li;
    Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.

Footnotes

  1. 3:1 lidè prensipal Sa vle di yon “bichòp” nan Legliz.
  2. 3:2 fidèl ak madanm li Ekspresyon nou tradui isit la se “yon sèl madanm”. Men lide tèks la se “li pa dwe nan lòt madanm deyò”. Li dwe kontante l, rete ak yon sèl madanm. Gade tou nan vèsè 12 la.
  3. 3:11 medam Li pwobab se kèk dam ki t ap sèvi Bondye yon fason espesyal (gade nan Wòm 16:1). Yo te kapab tradui l, “madanm lidè yo” tou, madanm sèvitè espesyal yo, men pa gen okenn mo ki di sa nan tèks Grèk la.
  4. 3:15 fanmi Literalman, “mezon”. Sa vle di pèp Bondye se menm jan ak Tanp Bondye a.
  5. 3:16 Kris Literalman, “ki”. Kèk kopi Grèk genyen “Bondye”.