Add parallel Print Page Options

Mete nou prè pou retou Senyè a

Kounye a frè m ak sè m yo, nou pa bezwen moun ekri nou sou koze tan ak dat ankò. Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit. Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la.

Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè. Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit. Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt. Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit. Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.

Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris. 10 Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen. 11 Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa.

Dènye pawòl ak salitasyon final

12 Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. 13 Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou.

Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. 14 Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. 15 Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun.

16 Toujou fè kè ou kontan. 17 Pa janm sispann lapriyè. 18 Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se konsa Bondye vle pou viv nan Jezikris.

19 Pa antrave travay Sentespri a. 20 Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. 21 Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. 22 Kouri lwen tout sa ki mal.

23 Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. 24 Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.

25 Frè m ak sè m yo, toujou sonje priye pou nou tou. 26 Salye tout frè ak sè ki laba yo pou nou ak yon bèl akolad[a] tankou moun pa Bondye yo. 27 N ap mande w pou fè pwomès devan Senyè a pou li lèt sa a devan tout frè ak sè yo. 28 Se pou gras Jezikris Senyè nou an rete ansanm avèk ou.

Footnotes

  1. 5:26 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”.