Font Size
1 Pyè 2:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Pyè 2:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp[a] espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. 6 Bib la di:
“Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè,
mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an.
Moun ki mete konfyans yo nan li
p ap janm wont.”(A)
7 Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo:
“Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”(B)
Footnotes
- 2:5 tanp Literalman, “kay”, lakay Bondye, plas kote pèp Bondye a ap adore l. Isit la, li vle di kwayan yo se tanp espirityèl la kote Bondye ap viv.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International