Add parallel Print Page Options

Se mwen menm Pyè, apot Jezikris, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt.[a] M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.

Yon espwa ki p ap janm fini

Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.

Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo. Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.

Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou.

10 Pwofèt yo te fouye anpil epi yo te eseye aprann anpil bagay sou delivrans sa a. Yo te pale anpil sou gras Bondye te pare pou nou an. 11 Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.

12 Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.

Annou viv yon lavi ki dwat devan Bondye

13 Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen. 14 Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan. 15 Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè. 16 Paske men sa Bib la di: “Se pou nou sen paske mwen menm mwen sen.”(A)

17 N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye. 18 Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo. 19 Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo. 20 Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou. 21 Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.

22 Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou. 23 Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase. 24 Bib la di:

“Moun se tankou zèb yo ye,
    tout chèlbè y ap fè a, se tankou flè nan jaden.
Yo seche epi yo tonbe.
25     Men pawòl Bondye a la pou tout tan.”(B)

Se pawòl sa a menm nou te tande a.

Footnotes

  1. 1:2 ki te koule a fè nou pwòp nèt Sa sanble ak yon seremoni yo te konn fè pou ratifye alyans avèk pèp li a (gade nan Egz 24:7-8, kote fraz “obeyi” epi “aspèsyon san” yo parèt ansanm). Men li kapab gen lòt lide ladan l tou. Nan Ansyen Testaman, aspèsyon ak san bèt se te yon seremoni pirifikasyon (Lev 14:6-7; 16:14-16) ak konsekrasyon prèt yo tou (Egz 29:21), gen yon lòt lide ki enpòtan tou nan 1 Pyè (2:5, 9).

Peter, apostle of Jesus Christ, to [the] sojourners of [the] dispersion of Pontus, Galatia, Cappadocia, Asia, and Bithynia,

elect according to [the] foreknowledge of God [the] Father, by sanctification of [the] Spirit, unto [the] obedience and sprinkling of [the] blood of Jesus Christ: Grace to you and peace be multiplied.

Blessed [be] the God and Father of our Lord Jesus Christ, who, according to his great mercy, has begotten us again to a living hope through [the] resurrection of Jesus Christ from among [the] dead,

to an incorruptible and undefiled and unfading inheritance, reserved in [the] heavens for you,

who are kept guarded by [the] power of God through faith for salvation ready to be revealed in [the] last time.

Wherein ye exult, for a little while at present, if needed, put to grief by various trials,

that the proving of your faith, much more precious than of gold which perishes, though it be proved by fire, be found to praise and glory and honour in [the] revelation of Jesus Christ:

whom, having not seen, ye love; on whom [though] not now looking, but believing, ye exult with joy unspeakable and filled with [the] glory,

receiving the end of your faith, [the] salvation of [your] souls.

10 Concerning which salvation prophets, who have prophesied of the grace towards you, sought out and searched out;

11 searching what, or what manner of time, the Spirit of Christ which [was] in them pointed out, testifying before of the sufferings which [belonged] to Christ, and the glories after these.

12 To whom it was revealed, that not to themselves but to you they ministered those things, which have now been announced to you by those who have declared to you the glad tidings by [the] Holy Spirit, sent from heaven, which angels desire to look into.

13 Wherefore, having girded up the loins of your mind, [be] sober [and] hope with perfect stedfastness in the grace [which will be] brought to you at [the] revelation of Jesus Christ;

14 as children of obedience, not conformed to [your] former lusts in your ignorance;

15 but as he who has called you is holy, be ye also holy in all [your] conversation;

16 because it is written, Be ye holy, for *I* am holy.

17 And if ye invoke as Father him who, without regard of persons, judges according to the work of each, pass your time of sojourn in fear,

18 knowing that ye have been redeemed, not by corruptible [things, as] silver or gold, from your vain conversation handed down from [your] fathers,

19 but by precious blood, as of a lamb without blemish and without spot, [the blood] of Christ,

20 foreknown indeed before [the] foundation of [the] world, but who has been manifested at the end of times for your sakes,

21 who by him do believe on God, who has raised him from among [the] dead and given him glory, that your faith and hope should be in God.

22 Having purified your souls by obedience to the truth to unfeigned brotherly love, love one another out of a pure heart fervently;

23 being born again, not of corruptible seed, but of incorruptible, by [the] living and abiding word of God.

24 Because all flesh [is] as grass, and all its glory as [the] flower of grass. The grass has withered and [its] flower has fallen;

25 but the word of [the] Lord abides for eternity. But this is the word which in the glad tidings [is] preached to you.