Add parallel Print Page Options

Fason pou mari yo viv ak madanm yo

Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale. Mari nou yo ap sèlman wè kalite bon lavi n ap mennen nan respè pou Bondye. Se pa bèl kout peny, anpil bijou, rad chè ki dwe fè nou bèl. Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase.

Se konsa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo. Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.

Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.

Gen soufrans nan mennen yon vi ki dwat

Pou fini, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou. 10 Bib la di:

“Si nou vle viv byen,
    e si nou vle viv lontan sou latè,
evite pale moun mal,
    evite bay manti.
11 Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen.
    Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.
12 Paske Senyè a gen je li sou moun k ap fè sa ki byen,
    li tou prèt pou l tande priyè yo.
    Men li kont tout moun k ap fè sa ki mal.”[a]

13 Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14 Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”[b] 15 Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16 Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.

17 Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.

18 Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
    Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
    pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
    men Sentespri Bondye a te resisite l.

19 Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. 20 Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. 21 Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikri te leve vivan nan lanmò. 22 Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.

Footnotes

  1. 3:12 Sitasyon sa a soti nan Sòm 34:12-16.
  2. 3:14 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:12.