1 Korint 5
Haitian Creole Version
5 ¶ Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.
2 Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou.
3 Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m', men mwen la nan lespri m'. Pou tèt pa m', nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m' te la avèk nou.
4 Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.
5 Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive.
6 Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve.
7 ¶ Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.
8 Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.
9 ¶ Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.
10 Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt.
11 Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.
12 Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.
13 Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.
1 Corinthians 5
New International Version
Dealing With a Case of Incest
5 It is actually reported that there is sexual immorality among you, and of a kind that even pagans do not tolerate: A man is sleeping with his father’s wife.(A) 2 And you are proud! Shouldn’t you rather have gone into mourning(B) and have put out of your fellowship(C) the man who has been doing this? 3 For my part, even though I am not physically present, I am with you in spirit.(D) As one who is present with you in this way, I have already passed judgment in the name of our Lord Jesus(E) on the one who has been doing this. 4 So when you are assembled and I am with you in spirit, and the power of our Lord Jesus is present, 5 hand this man over(F) to Satan(G) for the destruction of the flesh,[a][b] so that his spirit may be saved on the day of the Lord.(H)
6 Your boasting is not good.(I) Don’t you know that a little yeast(J) leavens the whole batch of dough?(K) 7 Get rid of the old yeast, so that you may be a new unleavened batch—as you really are. For Christ, our Passover lamb, has been sacrificed.(L) 8 Therefore let us keep the Festival, not with the old bread leavened with malice and wickedness, but with the unleavened bread(M) of sincerity and truth.
9 I wrote to you in my letter not to associate(N) with sexually immoral people— 10 not at all meaning the people of this world(O) who are immoral, or the greedy and swindlers, or idolaters. In that case you would have to leave this world. 11 But now I am writing to you that you must not associate with anyone who claims to be a brother or sister[c](P) but is sexually immoral or greedy, an idolater(Q) or slanderer, a drunkard or swindler. Do not even eat with such people.(R)
12 What business is it of mine to judge those outside(S) the church? Are you not to judge those inside?(T) 13 God will judge those outside. “Expel the wicked person from among you.”[d](U)
Footnotes
- 1 Corinthians 5:5 In contexts like this, the Greek word for flesh (sarx) refers to the sinful state of human beings, often presented as a power in opposition to the Spirit.
- 1 Corinthians 5:5 Or of his body
- 1 Corinthians 5:11 The Greek word for brother or sister (adelphos) refers here to a believer, whether man or woman, as part of God’s family; also in 8:11, 13.
- 1 Corinthians 5:13 Deut. 13:5; 17:7; 19:19; 21:21; 22:21,24; 24:7
Holy Bible, New International Version®, NIV® Copyright ©1973, 1978, 1984, 2011 by Biblica, Inc.® Used by permission. All rights reserved worldwide.
NIV Reverse Interlinear Bible: English to Hebrew and English to Greek. Copyright © 2019 by Zondervan.
