Add parallel Print Page Options

Konsènan maryaj

Kounye a mwen pral reponn kesyon nou te poze m nan lèt nou te voye a. Kèk nan nou mande m èske l pa t ap pi bon pou yon nonm pa fè sèks ditou. Men poutèt peche seksyèl se yon gwo danje, se pou chak gason pran anpil plezi nan pwòp madanm li, se pou chak madanm pran anpil nan pwòp mari li. Yon mari dwe ranpli wòl mari li nan relasyon l ak madanm li. Yon madanm dwe fè devwa madanm li nan relasyon l ak mari li. Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò madanm nan se pou mari l li ye. Menm jan an tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò mari a se pou madanm li. Mari ak madanm pa dwe refize fè sèks youn ak lòt. Sèlman, nou ka antann nou alavans pou fè yon ti kanpe sou afè sèks pou nou pase tan nan lapriyè. Touswit apre, retounen ansanm pou Satan pa pwofite pwen fèb nou pou tante nou. Mwen di sa pou m ka ban nou pèmisyon pou nou fè yon ti separe pou yon ti tan. Se pa yon lòd m ap pase. Mwen swete tout moun te menm jan avè m. Men mwen rekonèt Bondye bay chak moun don pa yo. Li pèmèt youn viv yon fason. Li bay kèk moun kapasite pou yo viv yon fason, kèk lòt menm li ba yo kapasite pou viv yon lòt fason.

Kounye a pou moun ki pa marye yo ak sa yo ki vèv, men sa m ap di: Se yon bon bagay pou nou rete selibatè menm jan avè m. Men si nou pa ka kontwole kò nou, se pou nou marye. Li pi bon pou nou marye olye anvi seksyèl limen boukan dife nan kò nou.

10 Pou moun ki marye yo, m ap pase nou yon lòd. An reyalite, se Senyè a li menm ki pase lòd sa a: yon madanm pa dwe separe ak mari li. 11 Men oka ou sa ta rive, se pou madanm rete san lòt gason oubyen se pou l tounen ak mari li. Menm jan tou yon mari pa gen dwa divòse ak madanm li.

12 Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 13 Si yon madanm kwayan gen yon mari ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 14 Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye.

15 Men si mari a oubyen madanm ki pa kwayan an deside pou l retire kò l, kite l ale. Lè ka sa a rive, kwayan an, swa mari a swa madanm nan, li lib pa rapò ak relasyon sa a. Bondye rele pou nou viv anpè. 16 Ou pa janm konnen! Se petèt ou menm madanm Bondye ap sèvi pou sove mari w. Se petèt ou menm mari, Bondye ap sèvi pou sove madanm ou.

Viv nan kondisyon Bondye te rele w la

17 Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv. 18 Ou te gen tan sikonsi lè Bondye te rele w, pa chache fè operasyon pou defèt sikonsizyon an. Ou pa t sikonsi lè Bondye te rele w pa chache sikonsi. 19 Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye. 20 Se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la. 21 Èske w te esklav lè Bondye te rele w? Pa ba tèt ou pwoblèm. Men si ou jwenn okazyon pou vin lib, pwofite opòtinite a. 22 Esklav Senyè a rele a se yon moun lib li ye. Se Senyè a ki mèt li. Moun lib Senyè a rele a vin tounen esklav li. 23 Bondye achte w chè. Pa vin tounen esklav pèsonn. 24 Frè m ak sè m yo, se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la.

Ka moun ki pa marye yo

25 Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo,[a] mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a. 26 Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a. 27 Ou marye ak yon fi? Pa chache kraze maryaj ou! Ou pa gen madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou.

29 Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm. 30 Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l. 31 Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se konsa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò.

32 Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi. 33 Men yon nonm marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè madanm li plezi. 34 Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. 35 Sa m ap di w la se enterè w m ap chache, se pa pye m ap chache mare. Mwen ta renmen chwazi pi bon jan pou nou sèvi Senyè a san distraksyon.

36 Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li[b] Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche. 37 Men yon nonm ki gen fèm konviksyon epi ki pa anba presyon ki deside ak pwòp volonte l pou pa marye, li pa fè anyen ki mal. 38 Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou.

39 Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a. 40 Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.

Footnotes

  1. 7:25 moun ki pa marye yo Literalman, “vyèj yo”.
  2. 7:36 Li pa ka … pasyon kò li Oubyen “Fi a prèske depase laj nòmal moun marye.”