Add parallel Print Page Options

Retire vye leven an nan mitan nou pou n ka tounen yon pat tou nèf. Dayè antan kwayan nan Kris nou se pen san leven, pen fèt Pak la.[a] Kris la te sakrifye tankou ti mouton fèt Pak nou an.[b] An nou fete fèt pak la san nou pa sèvi ak pen vye leven peche ak imoralite. Men an nou manje pen san leven, ki konpare ak yon kè ki san tach ak san malis kache.

Mwen te ekri nan lèt anvan pou nou pa nan konkòday ak moun k ap viv nan imoralite seksyèl.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:7 pen fèt Pak la Se te yon pen espesyal san leven Jwif yo te konn manje nan repa Pak la. Pòl te vle di menm jan pen fèt Pak te san leven se kon sa kwayan nan Kris la dwe san peche.
  2. 5:7 ti mouton fèt Pak nou an Jwif yo te konn touye yon ti mouton pou selebre fèt Pak la. Jezi te reprezante ti mouton sa yo t a pral sakrifye pou pèp la.