Add parallel Print Page Options

Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. Men sa Bib la di:

“Se bagay je pa janm wè,
    zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
    sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”(A)

Read full chapter