Add parallel Print Page Options

Pa mele nan adorasyon zidòl

10 Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la.[a] Yo tout te travèse lanmè a. Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm[b] anba nyaj la ak nan lanmè a. Yo tout te manje menm manje espirityèl la. Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la. Men anpil ladan yo pa t fè Bondye plezi. Bondye touye yo nan dezè a.

Tout sa rive, pou nou ka pran egzanp, pou nou pa swiv move tras moun ki gen dezi pou move bagay. Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.”[c] Pa lage kò nou nan imoralite seksyèl jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz 23,000 ladan mouri nan yon sèl jou. Pa tante Kris[d] menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri. 10 Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.

11 Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive. 12 Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe. 13 Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.

14 An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl. 15 Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a. 16 Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an.[e] Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre? 17 Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.

18 Konsidere pèp Izrayèl la: lè yo manje vyann bèt ki ofri sou lotèl la kòm sakrifis, yo vin an kominyon ak lotèl la, pa vre? 19 Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non! 20 Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon. 21 Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou. 22 Èske se jalouzi[f] nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?

Fè tout sa n ap fè pou glwa Bondye

23 Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi. 24 Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.

25 Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti. 26 Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.”[g]

27 Yon moun ki pa konvèti envite w manje epi ou deside ale. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon bann kesyon. Manje tout sa yo mete devan w. 28 Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l konsa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye. 29 Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m? 30 Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?

31 Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye. 32 Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif. 33 Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.

Footnotes

  1. 10:1 nyaj la Nyaj la te pou montre pèp Izrayèl la chemen an epi pwoteje l pandan vwayaj ki soti Lejip, pase atravè lamè Wouj epi nan dezè a. Gade nan Egz 13:20-22; 14:19, 20.
  2. 10:2 batèm Pòl sanble l vle di sa k pase Jwif yo ak Moyiz kapab konpare ak batèm kwayan an nan Kris.
  3. 10:7 Sitasyon sa a soti nan Egz 32:6.
  4. 10:9 Kris Gen kèk maniskri grèk ki gen mo “Senyè” olye de Kris.
  5. 10:16 koup benediksyon an Reprezante koup diven kwayan yo rann gras sou li epi bwè lè y ap selebre lasentsèn.
  6. 10:22 Èske se jalouzi Gade nan Det 32:16, 17.
  7. 10:26 Sitasyon sa a soti nan Sòm 24:1; 50:12; 89:11.