Add parallel Print Page Options

Ofrann pou legliz Jide yo

16 Kounye a, konsènan ofrann n ap ramase pou pèp Bondye a, m ap mande nou pou nou fè menm jan m mande legliz Galasi yo fè. Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l konsa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini. Lè m vini, m ap voye don nou yo Jerizalèm. Se nou menm k ap chwazi moun ki pou pote l. M ap ba yo lèt rekòmandasyon. Epi si se nesesè pou m ale tou, n a vwayaje ansanm.

Pòl ap fè kèk plan

Mwen fè plan pou m pase Masedwàn anvan m vini lakay nou. Mwen ka byen rete pou yon ti tan. Li menm posib mwen ka menm pase tout livè avèk nou. Apre sa nou va ban m mwayen pou m kontinye wout mwen, nenpòt kote m prale. Mwen pa vle annik fè yon ti pase lakay nou epi pou m al lòt kote. Mwen ta vle fè plis tan avèk nou si Senyè a vle. Men, pou kounye a, mwen ap rete Efèz jiska fèt Pannkot la, paske Bondye ouvri devan m kèk pòt opòtinite pou yon ministè ki gran epi efikas. An menm tan tou gen anpil opozisyon.

10 Nenpòt lè Timote vin lakay nou, fè sa nou kapab pou nou mete l alèz. Menm jan avè m, li se yon moun ki angaje l nan travay Senyè a. 11 Mwen pa vle tande okenn moun ta refize ede l. Okontrè ba li tout mwayen ki nesesè pou l ka tounen vin jwenn mwen anpè. M ap tann li ansanm ak lòt frè yo.

12 Kanta Apolòs, frè nou an, malgre tout ankourajman mwen eseye ba li pou l ta vizite nou ansanm ak lòt frè yo, li prefere pa fè l pou kounye a. L ap tann yon lòt opòtinite.

Pòl ap fè konklizyon lèt la

13 Kenbe je nou louvri! Kenbe fèm nan lafwa nou! Se pou ou aji ak kouraj! Fòtifye w! 14 Se pou lanmou anvayi tout sa n ap fè.

15 Nou konnen Estefanas ak fanmi li pami premye moun ki te aksepte Kris nan pwovens Akayi. Yo konsakre lavi yo pou yo sèvi pèp Bondye a. Konsa, sa m ap mande nou, frè m ak sè m yo, 16 swiv direktiv moun konsa, ansanm ak tout lòt moun ki pa fatige pou travay avèk yo.

17 Mwen kontan pou m wè Estefanas, Fortinatis, ak Akayikis. Se vre nou pa la nan prezans mwen, men yo reprezante nou valableman. 18 Yo se gwo sous ankourajman ni pou nou ni pou mwen. Nou dwe montre apresyasyon pou kalite moun konsa.

19 Legliz ki nan pwovens Lazi yo voye salitasyon pou nou. Akilas ak Prisil salye nou nan non Senyè a. Legliz ki reyini lakay yo a voye salitasyon pa yo tou. 20 Tout frè ak sè yo voye salitasyon. Se pou nou salye youn lòt ak bèl akolad.[a]

21 Salitasyon sa a, se mwen menm Paul, ki ekri l ak pwòp men mwen.

22 Nenpòt moun ki pa renmen Senyè a, se yon moun ki modi nèt.

Senyè, ou mèt vini![b]

23 Gras Senyè Jezi nou an avè w!

24 Mwen renmen nou tout nan Jezikris.

Footnotes

  1. 16:20 bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”.
  2. 16:22 Senyè, ou mèt vini Se yon tradiksyon mo arameyen marana tha.