1 Jan 2
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi se avoka nou
2 Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche,[a] nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a. 2 Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.
3 Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li. 4 Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou. 5 Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li. 6 Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.
Jezi mande nou pou n renmen lòt yo
7 Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a. 8 Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja.
9 Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a. 10 Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon. 11 Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.
12 M ap ekri nou lèt sa a, pitit mwen yo,
paske peche nou yo padone poutèt non Kris la.
13 M ap ekri nou lèt sa a, papa yo,
paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an.
M ap ekri nou, nou menm ki jèn,
paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo.
14 Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo,
paske nou konnen Papa a.
Mwen ekri nou papa yo,
paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an.
Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo,
paske nou gen fòs.
Pawòl Bondye a rete nan nou,
epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.
15 Pa renmen mond lan ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan, lanmou Papa a pa nan li. 16 Paske tout sa ki nan mond lan: dezi lachè, lanvi pou nou genyen sa je nou wè, lògèy ki ranpli nou poutèt byen nou genyen, tout sa pa soti nan Papa a, men yo soti nan mond lan. 17 Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan.
Pa swiv lènmi Kris yo
18 Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an. 19 Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.
20 Pou nou menm, nou te resevwa kado[b] Sentespri a[c] te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a. 21 Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.
22 Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la.[d] Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. 23 Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou.
24 Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou. 25 Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.
26 M ap ekri nou lèt sa a konsènan moun k ap twonpe nou yo. 27 Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.
28 Wi, pitit byeneme mwen yo, kontinye viv nan li. Si nou fè sa, nou p ap gen okenn perèz pou jou Pitit la va retounen. Nou p ap gen bezwen pou al kache, epi tou nou p ap wont lè l va vini. 29 Si nou konnen Pitit la dwat, konnen tou, moun ki toujou fè sa ki byen, se pitit Bondye.
Footnotes
- 2:1 peche Se tout sa moun fè ki kontrè ak sa Bondye mande.
- 2:20 kado Literalman, “onksyon”. Sa ta vle di Sentespri a. Osinon li ta vle di ansèyman oswa verite a tankou nan vèsè 24. Gade nan vèsè 27 la tou.
- 2:20 Sentespri a Bondye osinon Kris.
- 2:22 Kris la Sa vle di Mesi, Wa Bondye chwazi a. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan 4:2; 5:1.
1 John 2
English Standard Version
Christ Our Advocate
2 My little children, I am writing these things to you so that you may not sin. But if anyone does sin, (A)we have an advocate with the Father, Jesus Christ the righteous. 2 (B)He is the propitiation for our sins, and not for ours only but (C)also for the sins of the whole world. 3 And by this we know that we have come to know him, if we (D)keep his commandments. 4 Whoever says “I know him” but does not keep his commandments (E)is a liar, and (F)the truth is not in him, 5 but whoever (G)keeps his word, in him truly (H)the love of God is perfected. (I)By this we may know that we are in him: 6 whoever says he (J)abides in him (K)ought to walk in the same way in which he walked.
The New Commandment
7 Beloved, I am writing you (L)no new commandment, but (M)an old commandment (N)that you had from the beginning. The old commandment is the word that you have heard. 8 At the same time, it is (O)a new commandment that I am writing to you, which is true in him and in you, because[a] (P)the darkness is passing away and (Q)the true light is already shining. 9 Whoever says he is in the light and (R)hates his brother is still in darkness. 10 Whoever loves his brother abides in the light, and in him[b] there is no (S)cause for stumbling. 11 But whoever hates his brother is in the darkness and (T)walks in the darkness, and does not know where he is going, because the darkness has blinded his eyes.
12 I am writing to you, little children,
because (U)your sins are forgiven for his name's sake.
13 I am writing to you, fathers,
because you know (V)him who is from the beginning.
I am writing to you, young men,
because (W)you have overcome the evil one.
I write to you, children,
because (X)you know the Father.
14 I write to you, fathers,
because you know (Y)him who is from the beginning.
I write to you, young men,
because (Z)you are strong,
and the word of God abides in you,
and you have overcome the evil one.
Do Not Love the World
15 (AA)Do not love the world or the things in the world. (AB)If anyone loves the world, the love of the Father is not in him. 16 For all that is in the world—(AC)the desires of the flesh and (AD)the desires of the eyes and pride of life[c]—is not from the Father but is from the world. 17 And (AE)the world is passing away along with its desires, but whoever does the will of God abides forever.
Warning Concerning Antichrists
18 Children, (AF)it is the last hour, and as you have heard that (AG)antichrist is coming, so now (AH)many antichrists have come. (AI)Therefore we know that it is the last hour. 19 (AJ)They went out from us, but they were not of us; for (AK)if they had been of us, they would have continued with us. But they went out, (AL)that it might become plain that they all are not of us. 20 But you have been (AM)anointed by (AN)the Holy One, and (AO)you all have knowledge.[d] 21 I write to you, not because you do not know the truth, but because you know it, and because no lie is of the truth. 22 Who is the liar but (AP)he who denies that Jesus is the Christ? This is (AQ)the antichrist, he who denies the Father and the Son. 23 (AR)No one who denies the Son has the Father. Whoever confesses the Son has the Father also. 24 Let (AS)what you heard from the beginning abide in you. If what you heard from the beginning abides in you, then (AT)you too will abide in the Son and in the Father. 25 And this is the promise that he made to us[e]—(AU)eternal life.
26 I write these things to you about (AV)those who are trying to deceive you. 27 But (AW)the anointing that you received from him abides in you, and (AX)you have no need that anyone should teach you. But as his anointing teaches you about everything, and (AY)is true, and is no lie—just as it has taught you, abide in him.
Children of God
28 And now, little children, abide in him, so that (AZ)when he appears (BA)we may have confidence and not shrink from him in shame at his (BB)coming. 29 If you know that (BC)he is righteous, you may be sure that (BD)everyone who practices righteousness has been born of him.
Footnotes
- 1 John 2:8 Or that
- 1 John 2:10 Or it
- 1 John 2:16 Or pride in possessions
- 1 John 2:20 Some manuscripts you know everything
- 1 John 2:25 Some manuscripts you
Copyright © 2017 by Bible League International
The ESV® Bible (The Holy Bible, English Standard Version®), © 2001 by Crossway, a publishing ministry of Good News Publishers. ESV Text Edition: 2025.
