Add parallel Print Page Options

Nou vle pale w de Pawòl[a] ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l. Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi konsa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou. Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon[b] ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris. N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.

Bondye padone peche nou

Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa. Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik. Si n ap mache nan limyè,[c] paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.

Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a. Si nou konfese peche nou yo bay Bondye, li fidèl epi li dwat, l ap padone nou epi l ap netwaye nou de tout sa nou te fè ki pa bon. 10 Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.

Footnotes

  1. 1:1 Pawòl Mo grèk la se “logos”, ki vle di nenpòt ki kalite kominikasyon. Nan tèks la li vle di Kris, fason Bondye te pale de pwòp tèt li.
  2. 1:3 kominyon Asosyasyon ak moun epi pataje kichòy youn ak lòt. Moun ki kwè nan Kris yo pataje lanmou, lajwa, lapenn, lafwa, epi lòt bagay youn ak lòt epi ak Bondye tou. Wè vèsè 7 tou.
  3. 1:7 mache nan limyè Ekspresyon sa a vle di viv nan obeyisans pawòl Bondye.