Add parallel Print Page Options

¶ Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo.

Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.

Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.

Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.

Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.

Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove.

Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.

Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.

¶ Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.

10 Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.

11 Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon.

12 Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil.

13 Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev.

14 Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye.

15 Men, yon fanm va delivre lè la fè pitit, si l' kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, nan lavi l'ap mennen apa pou Bondye a, si l' rete tou senp.

Bondye vle nou priye pou tout moun

Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo. Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo. Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.

Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a. Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun. Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa. Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.

Ansèyman espesyal pou gason ak fi

Mwen vle pou tout mesye yo priye tout kote. Mesye sa yo dwe moun k ap viv pou fè Bondye plezi epi k ap leve men yo devan Bondye san kòlè, san akwochay ak moun.

Mwen vle medam yo abiye kòrèkteman. Yo dwe abiye yo yon fason ki fè diyite yo epi ki senp, san kwafi konplike, bann bijou an ò, pèl oubyen rad ki koute twò chè pou fè moun wè yo. 10 Men se pou yo montre jan yo bèl nan bon bagay y ap fè. Se konsa tout medam ki di yo gen respè pou Bondye yo dwe ye.

11 Yon madanm dwe koute epi aprann san fè eskandal, avèk volonte pou yon obeyisans total. 12 Mwen pa pèmèt yon madanm fè mari l wont devan lòt moun nan fason l ap anseye l. Li pa dwe lakòz yon eskandal, 13 paske se Adan ki te fèt an premye, Èv te fèt apre l. 14 Epi tou, se pa Adan ki te kite yo twonpe l, men se madanm nan: li fin kite yo twonpe l epi li dezobeyi Bondye.[a] 15 Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li.[b] Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.

Footnotes

  1. 2:14 Gade nan Jen 3:1-13.
  2. 2:15 Poutan … pitit li Literalman, “Men l ap sove nan fè piti.” Pòl ka itilize “fè pitit” isit la nan yon sans senbolik pou l di “genyen bon kalite” ki nan fraz ki apre a.