Add parallel Print Page Options

¶ Nou menm frè m' yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta.

Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.

Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn.

Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen.

Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.

Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun.

¶ Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo.

Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou!

Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.

10 Mwen pran nou sèvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.

11 Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.

12 Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l' ak nan bèl pouvwa li.

13 ¶ Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.

14 Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.

15 Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.

16 Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.

17 ¶ Pou mwen menm, frè m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò.

18 Mwen pa konnen sa m' ta fè pou m' tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen.

19 Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m' kontan. Se nou menm k'ap ban m' okazyon pou m' vante tèt mwen devan Jezi, Seyè nou an, lè la vini.

20 Se nou menm ki ban m' satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m' kontan.

Travay Pòl nan Tesalonik

Frè m ak sè m, nou tout nou ka temwanye sou rezilta pouvwa Bondye pami nou. Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik. Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn. Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.

Se vre wi, Bondye ka sèvi nou temwen. Nou pa t janm eseye sèvi bèl pawòl pou flate moun, oswa twonpe epi pou n fè lajan sou moun. Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.

Se yon bagay fasil pou n ta sèvi ak otorite nou kòm apòt pou fè ou yon seri egzijans. Men nou te pito sèvi ak dousè.[a] Nou te aji tankou manman k ap bay pitit li tete. Mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nou preche w la, se rezilta afeksyon nou gen pou ou. Se menm afeksyon sa a ki te fè nou alèz pou pataje lavi nou ak ou. Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.

10 Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. 11 Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. 12 Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.

13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. 14 Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,[b] legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. 15 Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. 16 Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.

Pòl te anvi vizite kretyen yo

17 Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. 18 Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. 19 Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. 20 Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.

Footnotes

  1. 2:7 Men nou … dousè Plizyè kopi Grèk di “nou te vin tankou ti bebe”.
  2. 2:14 Jide Peyi Jwif yo kote Jezi t ap viv, anseye epi tou se kote Legliz te premye kòmanse.