Add parallel Print Page Options

¶ Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?

Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye.

¶ Lè moun ap kritike m', men ki jan mwen defann tèt mwen:

Mwen mande yo: Eske m' pa gen dwa pou yo ban m' manje, pou yo ban m' bwè pou travay mwen?

Eske m' pa gen dwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Seyè yo ansanm ak Sefas, pou m' mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m' prale?

Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv?

Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?

Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou.

Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò?

10 Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.

11 Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo?

12 Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la.

13 Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a.

14 Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la.

15 ¶ Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!

16 Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!

17 Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.

18 Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.

19 ¶ Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.

20 Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la.

21 Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.

22 Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.

23 Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.

24 ¶ Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.

25 Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.

26 Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li.

27 Mwen aji di ak kò m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Pòl pa reklame tout dwa apot li

Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a. Menm si tout lòt moun ta di mwen pa apot men kanta nou menm nou pa ka di sa. Dayè, nou se prèv vivan mwen se apot Senyè a.

Men repons mwen bay a tout moun k ap kritike m: Nou gen dwa pou n manje pou n bwè, pa vre? Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè? Èske se mwen menm sèl ak Banabas ki dwe fè lòt travay pou nou ka viv? Yon sòlda ki angaje nan lame, èske se li k peye tèt li? Lè yon moun plante yon jaden rezen, se pou l ka jwenn rezen pou l manje, pa vre? Moun k ap pran swen mouton bwè lèt mouton, pa vre?

Mwen pa sèlman chita sou koutim lèzòm pou m site egzanp sa yo. Lalwa Moyiz la di menm bagay la. Lalwa Moyiz di: “Pa mete mizo nan bouch bèf la lè l ap travay nan ramase rekòt la.”[a] Lè Bondye di sa, èske se bèf k ap travay ki enterese l? Ditou pa! 10 Se ak nou menm menm li t ap panse. Se nan enterè nou pawòl sa yo te ekri. Swa moun k ap plante a, swa moun k ap rekòlte a, yo toulède gen dwa met espwa yo sou yon ti pati nan rekòt la. 11 Si nou te plante yon semans espirityèl lakay ou, nou gen dwa rekòlte yon ti pati nan byen materyèl ou, pa vre? 12 Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la. 13 Èske nou pa konnen moun k ap travay nan tanp, se tanp la ki ba yo manje? Moun k ap prezante sakrifis sou lotèl gen yon pati nan sa ki ofri sou lotèl la. 14 Se menm bagay pou moun k ap preche levanjil. Senyè a bay lòd pou moun k ap travay kòm predikatè levanjil pou yo viv de travay sa a.

15 Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a. 16 Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil. 17 Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m. 18 Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen.

19 Mwen lib! Mwen pa esklav pèsòn! Poutan, mwen konpòte tèt mwen tankou esklav tout moun. Mwen fè l pou m ka ede sove pi plis moun posib. 20 Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa. 21 Menm jan an tou, lè mwen avèk moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv epi fè kòmsi mwen pa t konnen lalwa Moyiz la. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki pa konnen lalwa Moyiz la. An reyalite mwen anba lalwa Bondye, paske mwen soumèt mwen anba lwa Kris la. 22 Lè m ak moun ki fèb, mwen viv kòmsi m te fèb. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki fèb. 23 Mwen fè tout sa pou m ka fè konnen bòn nouvèl la. Mwen fè tout sa pou m ka patisipe nan benediksyon levanjil la.

24 Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a. 25 Tout moun k ap fè espò bay tèt yo disiplin pou fè bon jan antrènman. Yo antrene di pou yo kapab genyen yon kouwòn ki dire yon ti tan sèlman. Poutan, kouwòn pa nou an ap la pou tout tan. 26 Se poutèt sa mwen pa kouri tankou chyen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boksè. Mwen pa voye kout pwen danlevid. 27 Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.

Footnotes

  1. 9:9 Sitasyon sa a soti nan Det 25:4.