Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Finding your way around? See how the new Bible Gateway works. Take the tour.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Verse of the Day by email. Sign up free.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

1 Korint 3  Haitian Creole Version

3 ¶ Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la.

2 Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.

3 Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.

4 Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n'ap pale?

5 ¶ Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.

6 Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse.

7 Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.

8 Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.

9 Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.

10 Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.

11 ¶ Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.

12 Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.

13 Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.

14 Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li.

15 Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.

16 ¶ Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?

17 Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.

18 ¶ Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon.

19 Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.

20 Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen.

21 ¶ Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.

22 Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou.

23 Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.

Next
1 Korint 2
1 Korint 4
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway