Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi Jezikri apòt, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak Sostèn, frè nou,

pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou.

Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.

Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l' fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri.

Pandan n'ap viv ansanm ak Kris la, Bondye fè nou rich nèt, li ban nou tout kalite kado: kado sa yo penmèt nou preche pawòl la tout jan epi yo ban nou anpil konesans.

Bon Nouvèl ki pale sou Kris la fin pran rasin nèt nan mitan nou.

Se sak fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Seyè nou an, pral parèt la.

Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive.

Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Seyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li.

10 ¶ Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.

11 Mwen di nou sa, frè m' yo, paske m' vin konnen nan bouch kèk moun nan fanmi Kloe a, te gen gwo kont pete nan mitan nou.

12 Men sa m' vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la.

13 Nan kondisyon sa a, Kris la gen lè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize nou?

14 ¶ Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pa t' batize nou yonn, an wetan Krispis ak Gayis.

15 Konsa, pesonn pa ka di yo te batize nan non Pòl.

16 (Mwen t'ap bliye sa: mwen te batize Estefanas ak moun lakay li yo tou. Men, mwen pa chonje m' te batize pesonn lòt ankò.)

17 ¶ Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen.

18 Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.

19 Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete.

20 Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?

21 Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a.

22 Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann.

23 Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou.

24 Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a.

25 Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

26 Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi.

27 Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.

28 Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.

29 Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.

30 Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.

31 Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[a] paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn, n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a,[b] Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.

Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!

Pòl ap di Bondye mèsi

Mwen p ap janm sispann di Bondye mèsi pou nou pou benediksyon li ba nou paske nou nan Jezikris. Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans. Sa yo se prèv ki konfime mesaj nou an se verite a. Gade sou nou menm korentyen, Bondye ban nou tout kalite don pandan n ap tann Jezikris, Senyè nou an retounen. Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive. Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.

Pwoblèm divizyon nan legliz Korent

10 Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.

11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou. 12 Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè[c] m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!” 13 Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize? 14 M di Bondye mèsi, Mwen kontan m pa t batize okenn nan nou eksepte Krispis ak Gayis. 15 Konsa pyès moun pa ka di se nan non Pòl yo te batize. 16 A wi, mwen batize moun lakay Estefanas! Apre sa mwen pa sonje mwen batize pèsonn ankò. 17 Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa[d] Kris la p ap pèdi puisans li!

Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou. 19 Paske, men sa ki ekri nan Bib la,

“M ap detwi sajès moun saj yo
    epi m ap jete konfizyon
    nan entèlijans moun entèlijan yo.”[e]

20 Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli? 21 Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.

22 Jwif yo mande mirak kòm prèv, epi moun ki pa Jwif ap chache sajès, 23 men nou menm nou preche Kris krisifye. Jwif yo konsidere mesaj sa a tankou yon eskandal. Moun ki pa Jwif yo konsidere l tankou foli. 24 Men, pou moun Bondye rele yo, swa moun ki Jwif swa moun ki pa Jwif, Kris la se puisans ak sajès Bondye. 25 Menm foli Bondye pi saj pase tout sajès lèzòm. Feblès Bondye pi puisan pase tout fòs lèzòm.

26 Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi. 27 Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont. 28 Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè. 29 Konsa pyès moun pa ka vante tèt yo nan prezans Bondye. 30 Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo. 31 Konsa, jan sa te ekri nan Bib la: “Si yon moun vle chante lwanj, se pou l chante lwanj pou Senyè a.”[f]

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:2 ki mete konfyans yo nan Senyè a Literalman, “moun k ap rele non Senyè nou an”, sa vle di moun ki bay prèv lafwa yo nan Jezi atravè adorasyon yo ofri ba li oswa lè yo priye l pou sekouri yo.
  3. 1:12 Pyè Literalman, “Sefas”, ki se non Arameyen pou Pyè, youn nan douz disip Jezi yo. Toude non yo vle di “wòch”. Gade tou nan 3:22; 9:6; 15:5.
  4. 1:17 lakwa Paul sèvi mo kwa (lakwa) tankou yon imaj Bòn Nouvèl la: istwa lanmò Kris la pou peye dèt peche lèzòm. Lakwa (sa vle di lanmò Kris la) se fason Bondye chwazi pou sove moun.
  5. 1:19 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:14.
  6. 1:31 Sitasyon sa a soti nan Jer 9:24.