Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Study Bibles + commentaries + Scripture = deeper understanding. Explore Bible Gateway Plus.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
We’ve made some updates. Have feedback?
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
VKF
Version
Bible Books Bible Books
VKF
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

1 Korentyen 12  Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Don Sentespri a bay

12 Kounye a, frè m ak sè m yo, nou te poze m kesyon sou don Sentespri a bay, mwen pa ta renmen nou konprann sa mal. 2 Nan tan pase, lè nou pa t konn Bondye, fo dye ki pa kapab pale yo t ap trennen nou epi nou pa t kapab reziste yo. 3 Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.

4 Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri. 5 Gen diferan fason pou rann sèvis, men se menm Senyè a nou tout ap sèvi. 6 Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.

7 Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun. 8 Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans. 9 Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi. 10 Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo. 11 Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.

Kò Kris la

12 Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye. 13 Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay[a] nou tout.

14 Wi, yon sèl manm pa vle di yon kò. Yon kò gen plizyè pati ladann. 15 Si pye a di: “Paske m pa yon men, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 16 Si zòrèy la di: “Paske m pa yon grenn je, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 17 Si tout kò a se te je nan kisa nou t ap tande? Si tout kò a se te zòrèy nan kisa nou t ap pran sant? 18 Se Bondye li menm ki deside kote l ap plase chak pati nan kò a. 19 Epi tou, si tout pati yo te menm, pa t ap gen sa yo rele kò a. 20 Wi, gen anpil pati, men yo fòme yon sèl kò.

21 Je a pa ka di men an: “Mwen pa bezwen w!” Tèt la pa ka di pye yo: “Mwen pa bezwen w!” 22 Okontrè, menm pati nan kò a ki parèt pi fèb la, se yon nesesite li ye pou kò a. 23 Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal. 24 Pati nan kò tout je ka wè pa bezwen tout swen espesyal sa yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati ki manke onè yo jwenn plis onè pase lòt yo. 25 Bondye fòme kò a yon fason pou pati kò a pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn ap pran swen lòt san patipri. 26 Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a.

27 Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28 Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29 Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak? 30 Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo? 31 Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.

Footnotes

  1. 12:13 bay Literalman, “ba nou pou nou bwè”.
Next
1 Korentyen 11
1 Korentyen 13
Next
dropdown
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway