马太福音 21
Chinese Contemporary Bible (Simplified)
光荣进圣城
21 耶稣和门徒离耶路撒冷越来越近了,他们来到橄榄山旁的伯法其。 2 耶稣派两个门徒进村,并对他们说:“你们到前面的村庄去,就会看见一头母驴拴在那里,旁边还有一头驴驹。你们把它们解开,牵到我这里。 3 要是有人问起,你们就说,‘主要用它们’,那人会立刻让你们牵来。” 4 这件事是要应验先知的话:
5 “要对锡安城[a]说,‘看啊,你的君王来了!祂谦卑地骑着驴,骑着一头驴驹。’”
6 两个门徒照着耶稣的吩咐去了, 7 把母驴和驴驹带了回来。他们把自己的衣服盖在驴背上,让耶稣骑上去。 8 许多人把衣服铺在路上,也有些人砍下树枝铺在路上。 9 众人前呼后拥,欢呼着说:
“和散那[b]归于大卫的后裔!
奉主名来的当受称颂!
和散那归于至高之处的上帝!”
10 耶稣进耶路撒冷时,全城轰动,说:“这是谁?”
11 众人说:“祂是先知耶稣,来自加利利的拿撒勒。”
洁净圣殿
12 耶稣进入圣殿,赶走里面做买卖的人,又推翻兑换钱币之人的桌子和卖鸽子之人的凳子。
13 耶稣斥责他们说:“圣经上说,‘我的殿必称为祷告的殿。’你们竟把它变成了贼窝。”
14 殿中的瞎子和瘸子都来到耶稣面前,祂便医好了他们。 15 祭司长和律法教师看见祂所行的奇事,又听见小孩子在圣殿里高声喊着:“和散那归于大卫的后裔!”便十分恼怒。 16 他们责问耶稣说:“你听见这些人说的了吗?”
耶稣说:“我听见了。圣经上说,‘你使孩童和婴儿口中发出颂赞’,你们没有读过吗?” 17 然后,祂便离开他们,出城前往伯大尼,在那里住宿。
咒诅无花果树
18 清早,耶稣在回城的途中饿了。 19 祂看见路旁有一棵无花果树,便走过去,却发现除了叶子外什么也没有。
祂对那棵树说:“你将再不会结果子!”那棵树立刻枯萎了。
20 门徒见了就惊奇地问:“这棵树怎么一下子枯萎了?”
21 耶稣回答说:“我实在告诉你们,如果你们有信心、不怀疑,不但能使无花果树枯萎,就算对这座山说,‘从这里挪开,投进大海里!’也照样可以实现。 22 所以,你们祷告时无论求什么,只要有信心,就必定得到。”
质问耶稣的权柄
23 耶稣进了圣殿,正在教导人的时候,祭司长和民间的长老来质问祂:“你凭什么权柄做这些事?谁授权给你了?”
24 耶稣说:“我也要问你们一个问题,你们回答了,我就告诉你们我凭什么权柄做这些事。 25 约翰的洗礼是从哪里来的?从天上来的,还是从人来的?”
他们便彼此议论说:“如果我们说‘是从天上来的’,祂一定会问我们,‘那你们为什么不信他?’ 26 但如果我们说‘是从人来的’,又怕触怒百姓,因为他们相信约翰是个先知。” 27 于是,他们回答耶稣说:“我们不知道。”
耶稣说:“我也不告诉你们我凭什么权柄做这些事。”
两个儿子的比喻
28 耶稣又说:“你们怎样看这件事?某人有两个儿子。他对大儿子说,‘孩子,你今天到葡萄园工作吧!’
29 “大儿子回答说,‘我不去!’但后来他改变了主意,就去了。
30 “那父亲又对小儿子说,‘你今天到葡萄园工作吧!’小儿子回答说,‘好的,父亲。’他答应了,却没有去。
31 “你们认为这两个儿子,到底哪一个服从父亲呢?”
他们回答道:“大儿子。”
耶稣说:“我实在告诉你们,税吏和娼妓要比你们先进上帝的国。 32 因为约翰来指示你们当行的正路,你们不信他,但税吏和娼妓信了。你们亲眼看见了这些事,竟然还是执迷不悟,不肯信他。
恶毒的佃户
33 “你们再听一个比喻。有个园主栽种了一个葡萄园,在园子的四周建造围墙,又在园中挖了一个榨酒池,建了一座瞭望台,然后把葡萄园租给佃户,就出远门了。 34 到了收获的季节,园主派奴仆到佃户那里收果子。 35 但那些佃户却抓住他的奴仆,打伤一个,杀死一个,又用石头打死了一个。 36 于是,园主又派更多的奴仆去,结果也遭到同样的对待。 37 最后,园主派了自己的儿子去,心想,‘他们肯定会尊重我的儿子。’ 38 然而,那些佃户看见园主的儿子来了,就商量说,‘这是园主的继承人。来吧!我们杀掉他,占了他的产业!’ 39 于是,他们抓住他,把他推出园外杀了。 40 那么,当园主回来的时候,他会怎样处置那些佃户呢?”
41 他们说:“他会毫不留情地除掉那些恶人,然后把葡萄园租给其他按时交果子的佃户。”
42 耶稣说:
“‘工匠丢弃的石头已成了房角石。
这是主的作为,在我们看来奇妙莫测。’
你们难道没有读过这段经文吗? 43 所以,我告诉你们,将把上帝的国从你们那里夺去,赐给结果子的人。 44 凡跌在这石头上的人,一定粉身碎骨;这石头落在谁身上,就会把谁砸烂。”
45 祭司长和法利赛人听了耶稣的比喻,明白是针对他们讲的。 46 他们试图逮捕耶稣,但又害怕百姓,因为百姓都认为耶稣是先知。
Matye 21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)
21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. 2 Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. 3 Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”
4 Tout sa rive kon sa pou konfime pwofesi a:
5 “Fè anons lan pase nan Siyon:[a]
men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”(A)
6 Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. 7 Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, kon sa Jezi chita sou yo. 8 Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. 9 Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[b] pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a!(B)
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)
12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.(C) Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”(D)
14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:
16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”
Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:
Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
yo fè louanj ou.(E)
Èske w pa li sa nan Bib la?”
17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.
Jezi modi yon pye fig
(Mak 11:12-14, 20-24)
18 Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19 Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.
20 Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèk vit konsa?”
21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22 Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mak 11:27-33; Lik 20:1-8)
23 Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”
24 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 25 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 26 Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”
27 Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:
“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”
Parabòl de pitit gason yo
28 “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.
29 Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.
30 Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an.
31 Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”
Yo reponn li: “Pi gran an!”
Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32 Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mak 12:1-12; Lik 20:9-19)
33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. 34 Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.
35 Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. 36 Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. 37 Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan.
38 Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, kon sa eritaj la ap rete pou nou. 39 Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.
40 Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?”
41 Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”
42 Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja:
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Se Bondye ki te fè sa!
Se yon mèvèy pou nou wè sa!(F)
43 Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. 44 Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”[c]
45 Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se avèk yo Jezi ap pale. 46 Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.
Footnotes
- 21:5 Siyon Vil Jerizalèm bati sou yon mòn. Siyon se pati sid mòn sa a. Gen defwa Bib la pale de Siyon pou pale de vil Jerusalem, pèp Bondye a k ap viv Jerizalèm, oswa tanp la.
- 21:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
- 21:44 Kèk kopi nan lang Grèk pa gen vèsè 44.
Chinese Contemporary Bible Copyright © 1979, 2005, 2007, 2011 by Biblica® Used by permission. All rights reserved worldwide.
Copyright © 2017 by Bible League International