撒种的比喻

耶稣又到湖边讲道,周围聚集了许多人,耶稣只好上到湖边的船上坐下,众人都站在岸上。 耶稣用比喻教导他们许多事,在教导中祂说: “听着!有一个农夫出去撒种。 撒种的时候,有些种子落在路旁,被飞鸟吃掉了; 有些落在石头地上,因为泥土不深,种子很快就发芽了, 然而因为没有根,被太阳一晒就枯萎了; 有些落在荆棘丛中,荆棘长起来便把嫩苗挤住了,以致不能结实; 有些落在沃土里,就发芽生长,结出果实,收成多达三十倍、六十倍、一百倍!” 然后祂说:“有耳可听的,都应当听。”

10 当耶稣独自一人的时候,十二使徒和追随祂的人来请教比喻的意思。 11 耶稣说:“上帝国的奥秘只让你们知道,对于外人,我只用比喻, 12 使他们‘看了又看,却不领悟;听了又听,却不明白,免得他们回心转意,得到赦免。’”

13 耶稣又对他们说:“你们不明白这个比喻,又怎能明白其他比喻呢? 14 农夫撒的是上帝的道。 15 种子落在路旁,是指人听了道,撒旦立刻过来夺去了撒在他们心里的道。 16 种子落在石头地上,是指人听了道后,立刻欢喜地接受了, 17 但他们心里没有根基,不过是暂时接受,一旦为道遭受患难和迫害,就立刻放弃了。 18 种子落在荆棘丛中,是指人虽然听过道, 19 但生活的忧虑、钱财的迷惑和其他欲望把道挤住了,以致不能结出果实。 20 种子落在沃土里,是指人听了道,领受了,又结出果实,收成多达三十倍、六十倍、甚至一百倍。”

灯的比喻

21 耶稣继续说:“人会把灯拿来放在篮子底下或床底下吗?当然不会,他一定会把它放在灯台上。 22 隐藏的事是不能掩盖的,终会显露出来。 23 有耳可听的,就应当听。” 24 耶稣又说:“要好好思想你们所听到的,你们用什么量器量给人,就用什么量器量给你们,甚至要多给你们。 25 因为凡有的,还要给他更多;凡没有的,连他仅有的也要夺去!”

种子生长的比喻

26 祂又说:“上帝的国就像一个人在地上撒种。 27 他天天日出而作,日落而息。种子就在他不知不觉中渐渐发芽长大。 28 大地会使种子生长,先发苗后吐穗,最终结出饱满的籽粒。 29 庄稼成熟后,他就拿起镰刀来收割,因为收成的时候到了。”

芥菜种的比喻

30 耶稣说:“我们拿什么比作上帝的国呢?用什么比喻来解释呢? 31 上帝的国就像一粒芥菜种。它是种子中最小的, 32 但种在地里,却能长得比各样蔬菜都大,有粗大的枝条,可以让飞鸟在它的树荫中筑巢。”

33 耶稣用了许多类似的比喻,按照众人所能领悟的,把上帝的道讲给他们听。 34 祂总是用比喻对他们讲论,只有单独和门徒在一起的时候,才把一切解释清楚。

平息风浪

35 那天晚上,耶稣对门徒说:“我们渡到对面去吧。” 36 他们就离开众人,上了耶稣乘坐的船,一起渡到湖的对岸,还有其他船只跟着去。 37 忽然,湖面上狂风大作,波浪撞击船身,船内几乎灌满了水。 38 耶稣却还在船尾枕着枕头睡觉。门徒叫醒了祂,说:“老师,我们快淹死了,你怎么不管呢?”

39 耶稣起来斥责狂风,对着湖面说:“静下来!停下来!”于是就风平浪静了。 40 祂对门徒说:“你们为什么这样害怕呢?你们还是没有信心吗?”

41 他们极其害怕,彼此议论说:“祂到底是谁?连风浪都听祂的!”

Istwa yon plantè ki t ap simen grenn

(Mat 13:1-9; Lik 8:4-8)

Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a. Li t ap anseye yo anpil bagay, li te sèvi ak anpil istwa pou l te fè moun yo reflechi, li t ap di yo:

“Tande sa, Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri paske pa gen tè a pa fon ase pou rasin yo antre. Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. Gen lòt grenn ki tonbe nan pikan, pikan yo leve, yo toufe plant lan, li pa pote okenn fwi. Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”

Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”

Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye

(Mat 13:10-17; Lik 8:9-10)

10 Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.

11 Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi. 12 Mwen fè sa poutèt,

Menm lè yo wè,
    yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
    yo pa vrèman ni tande ni konprann.
Si yo ta wè epi yo ta konprann,
    yo ta repanti epi Bondye ta padone yo.”(A)

Jezi eksplike istwa plantè a

(Mat 13:18-23; Lik 8:11-15)

13 Alò Jezi di yo: “Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n ap ka konprann lòt istwa yo mwen gen pou m di nou yo? 14 Moun ka simen grenn nan se pawòl la l ap simen. 15 Kèk nan grenn yo tonbe bò chemen an. Bò chemen an, se sa yo ki tande pawòl Bondye a, menm tande yo tande pawòl la, Satan vini touswit retire pawòl ki te simen nan yo a.

16 Gen lòt moun ki tankou grenn ki tonbe nan karyann. Lè yo tande pawòl la yo resevwa l byen vit ak jwa. 17 Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.

18 Gen lòt moun ankò, yo tankou raje pikan kote grenn ki simen an tonbe. Moun sa yo tande pawòl la, 19 men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.

20 Epi gen lòt moun ki tankou yon bon tè kote grenn nan simen. Yo tande pawòl la epi yo aksepte li. Konsa yo grandi epi yo byen donnen: kèk bay 30 fwa plis, kèk 60, epi kèk 100 fwa plis.”

Chache konprann sa ou tande

(Lik 8:16-18)

21 Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. 22 Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. 23 Tout moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” 24 Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.” 25 Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen.

Jezi rakonte yon lòt istwa sou grenn

26 Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” 27 L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. 28 Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. 29 Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive.

Yon lòt istwa sou wayòm

(Mat 13:31-32, 34-35; Lik 13:18-19)

30 Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? 31 Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. 32 Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.”

33 Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. 34 Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.

Jezi kalme yon tanpèt

(Mat 8:23-27; Lik 8:22-25)

35 Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” 36 Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. 37 Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. 38 Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.”

39 Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.

40 Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?”

41 Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”