Mak 9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”
Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli
(Mat 17:1-13; Lik 9:28-36)
2 Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi devan disip yo li te kòmanse transfòme. 3 Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa. 4 Epi, men Moyiz ak Eli te vin parèt ap pale ak Jezi.
5 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz epi youn pou Eli.” 6 Pyè pa t konnen sa pou li paske li menm ak lòt disip yo te ranpli ak pèrèz.
7 Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”
8 Lè disip yo voye je vit gade toutotou, sèl moun yo te wè devan yo se Jezi ki te la avèk yo.
9 Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.
10 Disip yo pa t pale pawòl la, men yo t ap diskite ant yo sou sa Jezi te vle di lè li te pale de “leve soti vivan nan lanmò a.” 11 Yo mande li: “Pou kisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini[a] anvan?”
12 Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li? 13 Men m ap di nou, Eli te vini deja, epi yo te fè sa yo te vle avèk li, jan sa te gentan ekri nan Bib la.”
Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri
(Mat 17:14-20; Lik 9:37-43a)
14 Lè yo desann al jwenn lòt disip yo, yo wè yon foul moun ak direktè Lalwa ki t ap diskite ant yo. 15 Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l.
16 Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?”
17 Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale. 18 Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”
19 Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”
20 Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li.
21 Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?”
Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti. 22 Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.”
23 Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.”
24 Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.”
25 Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!”
26 Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.” 27 Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.
28 Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”
29 Jezi reponn yo: “Kalite lespri sa yo se sèlman ak lapriyè[b] ou ka chase yo.”
Jezi pale sou lanmò li
(Mat 17:22-23; Lik 9:43b-45)
30 Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. 31 Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.” 32 Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di.
Kilès ki pi gran?
(Mat 18:1-5; Lik 9:46-48)
33 Jezi ak disip li yo ale Kapènawòm, epi lè yo rive nan kay la, li mande yo: “Kisa nou t ap diskite sou wout la konsa?” 34 Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran?
35 Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”
36 Se kon sa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”
Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou
(Lik 9:49-50)
38 Apre sa Jan di Jezi: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”
39 Men Jezi di: “Pa anpeche l, paske pa gen yon moun ki fè yon mirak nan non mwen ki pral pale m mal apre sa. 40 Yon moun ki pa kont nou se pou nou li ye. 41 Mwen ba w garanti sa a, nenpòt moun ki bay w yon vè dlo paske ou pou Kris la, li p ap janm pèdi l.”
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)
42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43 Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 44 [c] 45 Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 46 [d] 47 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè, 48 kote vè pa janm mouri epi dife pa janm etenn.(A)
49 Tout moun gen pou sale avèk dife.[e]
50 Sèl bon wi, men si l pèdi gou sale l genyen an, kijan ou ka fè l sale ankò? Pa pèdi bon gou sale nou genyen an, epi viv nan lapè youn ak lòt.”
Footnotes
- 9:11 fòk Eli vini Gade nan Mal 4:5-6.
- 9:29 lapriyè Kèk kopi nan lang Grèk ki gen mo “lapriyè ak jèn”.
- 9:44 Kèk kopi an lang Grèk ajoute vèsè 44, 46 la ki menm bagay ak vèsè 48 la.
- 9:46 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 46 la ki menm bagay ak vèsè 48 la.
- 9:49 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute: “epi yo gen pou mete sèl sou chak sakrifis.” Nan Ansyen Testaman, yo te konn mete sèl sou sakrifis yo. Konsa vèsè sa ta vle di disip Jezi yo gen pou soufri anpil epi yo dwe ofri tèt yo an sakrifis bay Bondye.
Mark 9
New International Version
9 And he said to them, “Truly I tell you, some who are standing here will not taste death before they see that the kingdom of God has come(A) with power.”(B)
The Transfiguration(C)(D)
2 After six days Jesus took Peter, James and John(E) with him and led them up a high mountain, where they were all alone. There he was transfigured before them. 3 His clothes became dazzling white,(F) whiter than anyone in the world could bleach them. 4 And there appeared before them Elijah and Moses, who were talking with Jesus.
5 Peter said to Jesus, “Rabbi,(G) it is good for us to be here. Let us put up three shelters—one for you, one for Moses and one for Elijah.” 6 (He did not know what to say, they were so frightened.)
7 Then a cloud appeared and covered them, and a voice came from the cloud:(H) “This is my Son, whom I love. Listen to him!”(I)
8 Suddenly, when they looked around, they no longer saw anyone with them except Jesus.
9 As they were coming down the mountain, Jesus gave them orders not to tell anyone(J) what they had seen until the Son of Man(K) had risen from the dead. 10 They kept the matter to themselves, discussing what “rising from the dead” meant.
11 And they asked him, “Why do the teachers of the law say that Elijah must come first?”
12 Jesus replied, “To be sure, Elijah does come first, and restores all things. Why then is it written that the Son of Man(L) must suffer much(M) and be rejected?(N) 13 But I tell you, Elijah has come,(O) and they have done to him everything they wished, just as it is written about him.”
Jesus Heals a Boy Possessed by an Impure Spirit(P)
14 When they came to the other disciples, they saw a large crowd around them and the teachers of the law arguing with them. 15 As soon as all the people saw Jesus, they were overwhelmed with wonder and ran to greet him.
16 “What are you arguing with them about?” he asked.
17 A man in the crowd answered, “Teacher, I brought you my son, who is possessed by a spirit that has robbed him of speech. 18 Whenever it seizes him, it throws him to the ground. He foams at the mouth, gnashes his teeth and becomes rigid. I asked your disciples to drive out the spirit, but they could not.”
19 “You unbelieving generation,” Jesus replied, “how long shall I stay with you? How long shall I put up with you? Bring the boy to me.”
20 So they brought him. When the spirit saw Jesus, it immediately threw the boy into a convulsion. He fell to the ground and rolled around, foaming at the mouth.(Q)
21 Jesus asked the boy’s father, “How long has he been like this?”
“From childhood,” he answered. 22 “It has often thrown him into fire or water to kill him. But if you can do anything, take pity on us and help us.”
23 “‘If you can’?” said Jesus. “Everything is possible for one who believes.”(R)
24 Immediately the boy’s father exclaimed, “I do believe; help me overcome my unbelief!”
25 When Jesus saw that a crowd was running to the scene,(S) he rebuked the impure spirit. “You deaf and mute spirit,” he said, “I command you, come out of him and never enter him again.”
26 The spirit shrieked, convulsed him violently and came out. The boy looked so much like a corpse that many said, “He’s dead.” 27 But Jesus took him by the hand and lifted him to his feet, and he stood up.
28 After Jesus had gone indoors, his disciples asked him privately,(T) “Why couldn’t we drive it out?”
29 He replied, “This kind can come out only by prayer.[a]”
Jesus Predicts His Death a Second Time(U)
30 They left that place and passed through Galilee. Jesus did not want anyone to know where they were, 31 because he was teaching his disciples. He said to them, “The Son of Man(V) is going to be delivered into the hands of men. They will kill him,(W) and after three days(X) he will rise.”(Y) 32 But they did not understand what he meant(Z) and were afraid to ask him about it.
33 They came to Capernaum.(AA) When he was in the house,(AB) he asked them, “What were you arguing about on the road?” 34 But they kept quiet because on the way they had argued about who was the greatest.(AC)
35 Sitting down, Jesus called the Twelve and said, “Anyone who wants to be first must be the very last, and the servant of all.”(AD)
36 He took a little child whom he placed among them. Taking the child in his arms,(AE) he said to them, 37 “Whoever welcomes one of these little children in my name welcomes me; and whoever welcomes me does not welcome me but the one who sent me.”(AF)
Whoever Is Not Against Us Is for Us(AG)
38 “Teacher,” said John, “we saw someone driving out demons in your name and we told him to stop, because he was not one of us.”(AH)
39 “Do not stop him,” Jesus said. “For no one who does a miracle in my name can in the next moment say anything bad about me, 40 for whoever is not against us is for us.(AI) 41 Truly I tell you, anyone who gives you a cup of water in my name because you belong to the Messiah will certainly not lose their reward.(AJ)
Causing to Stumble
42 “If anyone causes one of these little ones—those who believe in me—to stumble,(AK) it would be better for them if a large millstone were hung around their neck and they were thrown into the sea.(AL) 43 If your hand causes you to stumble,(AM) cut it off. It is better for you to enter life maimed than with two hands to go into hell,(AN) where the fire never goes out.(AO) [44] [b] 45 And if your foot causes you to stumble,(AP) cut it off. It is better for you to enter life crippled than to have two feet and be thrown into hell.(AQ) [46] [c] 47 And if your eye causes you to stumble,(AR) pluck it out. It is better for you to enter the kingdom of God with one eye than to have two eyes and be thrown into hell,(AS) 48 where
49 Everyone will be salted(AU) with fire.
50 “Salt is good, but if it loses its saltiness, how can you make it salty again?(AV) Have salt among yourselves,(AW) and be at peace with each other.”(AX)
Copyright © 2017 by Bible League International
Holy Bible, New International Version®, NIV® Copyright ©1973, 1978, 1984, 2011 by Biblica, Inc.® Used by permission. All rights reserved worldwide.
NIV Reverse Interlinear Bible: English to Hebrew and English to Greek. Copyright © 2019 by Zondervan.
