Add parallel Print Page Options

好讥诮的并他们的结局

亲爱的弟兄啊,我现在写给你们的是第二封信。这两封都是提醒你们,激发你们诚实的心, 叫你们记念圣先知预先所说的话和主救主的命令,就是使徒所传给你们的。 第一要紧的,该知道在末世必有好讥诮的人随从自己的私欲出来讥诮说: “主要降临的应许在哪里呢?因为从列祖睡了以来,万物与起初创造的时候仍是一样。” 他们故意忘记:从太古凭神的命有了天,并从水而出、借水而成的地; 故此,当时的世界被水淹没就消灭了。 但现在的天地还是凭着那命存留,直留到不敬虔之人受审判遭沉沦的日子,用火焚烧。

主的日子要像贼来到

亲爱的弟兄啊,有一件事你们不可忘记,就是主看一日如千年,千年如一日。 主所应许的尚未成就,有人以为他是耽延,其实不是耽延,乃是宽容你们,不愿有一人沉沦,乃愿人人都悔改。 10 但主的日子要像贼来到一样。那日,天必大有响声废去,有形质的都要被烈火销化,地和其上的物都要烧尽了。 11 这一切既然都要如此销化,你们为人该当怎样圣洁,怎样敬虔, 12 切切仰望神的日子来到!在那日,天被火烧就销化了,有形质的都要被烈火熔化。 13 但我们照他的应许,盼望新天新地,有义居在其中。

要在主的恩典和知识上有长进

14 亲爱的弟兄啊,你们既盼望这些事,就当殷勤,使自己没有玷污,无可指摘,安然见主; 15 并且要以我主长久忍耐为得救的因由,就如我们所亲爱的兄弟保罗,照着所赐给他的智慧写了信给你们。 16 他一切的信上也都是讲论这事。信中有些难明白的,那无学问、不坚固的人强解,如强解别的经书一样,就自取沉沦。 17 亲爱的弟兄啊,你们既然预先知道这事,就当防备,恐怕被恶人的错谬诱惑,就从自己坚固的地步上坠落。 18 你们却要在我们主救主耶稣基督的恩典和知识上有长进。愿荣耀归给他,从今直到永远!阿门。

Jezi ap retounen

Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat. M ta renmen nou sonje pawòl pwofèt ki apa pou Bondye yo te konn ap di nan tan pase yo. Se pou n sonje kòmannman apot nou yo te ansenye nou tou: se kòmannman Senyè a ak Sovè a yo ye.

Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo. Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.

Moun sa yo refize sonje sa k te pase nan tan lontan. Te gen syèl epi te gen tè a Bondye te kreye pa mwayen dlo epi li fè l soti nan dlo. Tou sa te rive fèt pa mwayen pawòl Bondye. Epi tout bagay ki te egziste te peri nan dlo. Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.

Men, byenneme m yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: “Pou Senyè a, yon jou se menm jan ak mil an, epi mil an se menm jan ak yon jou. Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”

10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.[a] 11 Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye. 12 Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn. 13 Men Bondye fè nou yon pwomès. N ap tann pwomès la reyalize, yon syèl tou nèf ak yon tè tou nèf. Se yon plas kote lajistis va rete.

14 Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye. 15 Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li. 16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.

17 Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se kon sa n ap rete fèm nan lafwa nou. 18 Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Footnotes

  1. 3:10 yo pral jije Kèk nan kopi yo, oubyen ansyen vèsyon Grèk yo genyen “yo pral boule nan dife”, epi gen youn ki genyen “y ap disparèt”.