Add parallel Print Page Options

Ede youn lòt

Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun kon sa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li. Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li. Paske chak moun fèt pou pran pwòp responsabilite li.

Pa janm sispann fè sa ki byen

Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.

Pa twonpe tèt nou, moun pa ka pase Bondye nan betiz. Paske nenpòt sa yon moun plante, se sa tou l ap rekòlte. Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl. Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive. 10 Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.

Dènye rezime sa Pòl ekri nan lèt sa a

11 Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. 12 Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa[a] Kris la sèlman. 13 Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.

14 Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. 15 Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an. 16 Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl.

17 Pou fin i, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris.

18 Frè m ak sè m yo, Se pou gras Senyè nou an, Jezikris, rete avèk nou. Amèn.

Footnotes

  1. 6:12 kwa Pòl itilize kwa Kris la kòm yon imaj pou reprezante Levanjil la. Kris la mouri sou kwa a pou peye dèt peche lèzòm. Kwa a (lanmò Kris la) se sa Bondye itilize pou l sove moun. Gade vèsè 14 la tou.

Brethren, if a man be overtaken in a fault, ye which are spiritual, restore such an one in the spirit of meekness; considering thyself, lest thou also be tempted.

Bear ye one another's burdens, and so fulfil the law of Christ.

For if a man think himself to be something, when he is nothing, he deceiveth himself.

But let every man prove his own work, and then shall he have rejoicing in himself alone, and not in another.

For every man shall bear his own burden.

Let him that is taught in the word communicate unto him that teacheth in all good things.

Be not deceived; God is not mocked: for whatsoever a man soweth, that shall he also reap.

For he that soweth to his flesh shall of the flesh reap corruption; but he that soweth to the Spirit shall of the Spirit reap life everlasting.

And let us not be weary in well doing: for in due season we shall reap, if we faint not.

10 As we have therefore opportunity, let us do good unto all men, especially unto them who are of the household of faith.

11 Ye see how large a letter I have written unto you with mine own hand.

12 As many as desire to make a fair shew in the flesh, they constrain you to be circumcised; only lest they should suffer persecution for the cross of Christ.

13 For neither they themselves who are circumcised keep the law; but desire to have you circumcised, that they may glory in your flesh.

14 But God forbid that I should glory, save in the cross of our Lord Jesus Christ, by whom the world is crucified unto me, and I unto the world.

15 For in Christ Jesus neither circumcision availeth any thing, nor uncircumcision, but a new creature.

16 And as many as walk according to this rule, peace be on them, and mercy, and upon the Israel of God.

17 From henceforth let no man trouble me: for I bear in my body the marks of the Lord Jesus.

18 Brethren, the grace of our Lord Jesus Christ be with your spirit. Amen.