Add parallel Print Page Options

Nouvo lavi nou an

Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a. Mete nan panse nou bagay ki soti anwo sèlman, pa mete bagay ki sou latè nan lespri nou. Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li. Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li. Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl. Se bagay sa yo ki rale kòlè Bondye sou moun ki refize obeyi l[a] yo. Nou menm tou, nou te konn fè kalite bagay sa yo anvan, lè nou t ap viv nan lemonn.

Men kounye a, an n voye bagay sa yo jete nan lavi nou: fè kolè, viyolans, di oubyen fè bagay pou fè moun mal, di moun gwo mo pou ensilte yo. Pa bay frè ak sè nou manti. Nou te gentan retire vye rad sa yo voye jete deja, sa vle di kalite moun nou te ye lontan an ak vye bagay nou te konn fè yo. 10 Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:6 sou moun ki refize obeyi l Kèk nan Kopi Grèk yo pa genyen mo sa yo.