Travay 2:7-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile[a] yo tout ye? 8 Ki jan nou fè tande y ap pale nan pwòp lang pa nou? 9 Pami nou la, gen moun ki soti toupatou tankou Pat, Medi, Elam, Mezopotami, Jide, Kapadòs, moun Pon ak moun ki soti an Azi. 10 Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou. 11 Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”
12 Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?”
Read full chapterFootnotes
- 2:7 moun Galile Foul la te konnen se lang yo pale nan Galile sèlman moun Galile yo te pale.
Copyright © 2017 by Bible League International