Add parallel Print Page Options

148 ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!

Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.

Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!

Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.

Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.

Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.

¶ Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,

dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,

gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,

10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.

11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,

12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.

13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

14 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!

149 ¶ Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!

Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

¶ Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!

150 ¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!

Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!

Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!

Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!

Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!

Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!