Add parallel Print Page Options

135 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a,

nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!

Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.

Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.

¶ Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.

Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.

Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.

Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.

Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.

10 Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:

11 Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.

12 Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.

13 Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou!

14 Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.

15 ¶ Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.

16 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.

17 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.

18 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

19 Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!

20 Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!

21 Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!

136 ¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:

Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

10 ¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

11 Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

12 Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

13 Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

14 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

15 Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

16 Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

17 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

18 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

19 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

20 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

21 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

22 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

23 ¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

24 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

25 Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

26 Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!