Add parallel Print Page Options

12 ¶ Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj.

Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo.

Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen.

Mèt jaden an voye yon lòt domestik bò kote yo ankò. Fwa sa a menm, yo bat li nan tèt ase, epi yo joure l' byen joure.

Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye sa a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye.

Sèl moun mèt jaden an te rete pou l' te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l' an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou gason m' lan.

Men, kiltivatè yo yonn di lòt: Men eritye a. Ann mete tèt nou ansanm. Ann touye l', konsa jaden an va vin pou nou.

Yo mete men sou li, yo touye l', epi yo jete kò a deyò lòt bò jaden an.

Bon! Kisa mèt jaden an gen pou l' fè ankò? La vini, la fè touye tout kiltivatè yo, epi la bay lòt moun jaden rezen an.

10 Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l' deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

11 Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa.

12 Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou li, paske yo te konnen byen se pou yo Jezi te di parabòl sa a. Men, yo te pè mas pèp la. Yo kite l', y' al fè wout yo.

13 ¶ Yo te voye kèk farizyen ansanm ak kèk nan patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li.

14 Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non?

15 Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo; li reponn yo: -Pouki n'ap chache pran m' nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m' gade yon bagay.

16 Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: -Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: -Se pòtre Seza ak non Seza.

17 Lè sa a, li di yo: -Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò.

18 ¶ Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa:

19 -Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l' mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l' ki mouri a.

20 Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit.

21 Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l' pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou.

22 Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo yonn pa kite pitit. Apre yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri.

23 Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo?

24 Jezi reponn yo: -Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye.

25 Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.

26 Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?

27 Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre?

28 ¶ Yonn nan dirèktè lalwa yo te tande jan yo t'ap diskite. Li wè Jezi te byen reponn sadiseyen yo. Lè sa a, li pwoche bò kote l', li mande li: -Kilès nan tout kòmandman yo ki pi konsekan an?

29 Jezi reponn li: -Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se li ki sèl Mèt la.

30 Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.

31 Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo.

32 Lè sa a, dirèktè lalwa a di li: -Se sa menm, Mèt. Sa ou di a se vre. Met nou an se sèl Bondye ki genyen. Pa gen lòt pase li.

33 Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li.

34 Jezi wè nonm lan te fè l' yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: -Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.

35 ¶ Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: -Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?

36 Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l' di l'): Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

37 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit David? Yon pakèt moun t'ap koute Jezi avèk plezi.

38 Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: -Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik.

39 Lè y' al nan sinagòg, yo chita kote pou tout moun wè yo. Nan resepsyon yo chache pi bon plas la.

40 Se piye y'ap piye malerèz yo, an menm tan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd.

41 ¶ Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan.

42 Yon pòv vèv vin rive tou; li mete de ti kòb ki pa t' menm fè mwatye senk kòb.

43 Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo; -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la.

44 Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te genyen, tout sa l' te gen pou l' viv.

13 ¶ Antan Jezi t'ap soti nan tanp lan, yonn nan disip li yo di l' konsa: -Mèt, gade. Ala de bèl wòch! Ala yon gwo batisman!

Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.

Jezi te chita sou mòn Oliv la, vizaviz ak tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a:

-Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive?

¶ Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.

Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.

Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.

10 Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.

11 Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.

12 Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.

13 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.

14 ¶ Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn.

15 Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo.

16 Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo.

17 Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo.

18 Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi.

19 Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.

20 Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.

21 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li.

22 Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.

23 Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.

24 ¶ Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè.

25 Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble.

26 Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.

27 m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.

28 ¶ Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou.

29 Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.

30 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.

31 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

32 Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

33 Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.

34 Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.

35 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.

36 Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.

37 Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen

(Mat 21:33-46; Lik 20:9-19)

12 Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.

Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la. Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen. Apre sa, mèt jaden an voye yon lòt sèvitè kote yo; yo bat li nan tèt epi se pa de maltrete yo maltrete l. Li voye yon lòt sèvitè, kiltivatè yo touye l. Mèt jaden an voye plizyè lòt; gen ladan yo, yo bat; gen lòt yo touye.

Mèt jaden an te gen yon sèl pitit gason li te renmen anpil, li voye l kote yo an dènye. Li di nan kè l: Sètènman y a gen respè pou pitit gason m nan.

Men kiltivatè yo reflechi, yo di: Men eritye a. Ann touye l, kon sa jaden an ap rete pou nou. Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.

Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an. 10 Nou pa li sa ki ekri nan Bib la:

Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
11 Se Bondye ki te fè sa!
    Se yon mèvèy pou nou wè sa!”(A)

12 Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo.

Jezi reponn yon kesyon pyèj

(Mat 22:15-22; Lik 20:20-26)

13 Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l. 14 Lè yo rive, yo di l: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans: Èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

15 Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.” 16 Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.”

17 Lè sa a, Jezi reponn yo: “Bay seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” Jezi pa t manke fè yo sezi ak repons sa a.

Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi

(Mat 22:23-33; Lik 20:27-40)

18 Kèk Sadiseyen, ki wè moun ki mouri pa resisite, vin kote Jezi. Yo mande l: 19 “Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an.[a] 20 Te gen sèt frè, premye a te marye ak yon fi, li mouri san li pa kite pitit. 21 Dezyèm nan marye ak vèv la, li mouri san li pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm nan. 22 Konsa, pa gen youn nan sèt la ki kite pitit. Apre sa, fi a vinn mouri tou. 23 Lè jou rezireksyon an va rive, madanm kilès nan sèt frè yo fi a pral ye, paske li te marye ak tou lè sèt?”

24 Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 25 Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. 26 Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a![b] Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la.(B) 27 Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.”

Ki kòmandman ki pi Empòtan?

(Mat 22:34-40; Lik 10:25-28)

28 Youn nan direktè Lalwa yo te tande diskisyon an. Li te wè Jezi byen reponn Sadiseyen yo. Lè sa a, li vin kote l, li mande l: “ki pi gran kòmandman ki gen?”

29 Jezi reponn li: “Kòmandman ki pi gran an se: Koute, Izrayèl! Senyè Bondye nou an, se sèl Senyè. 30 Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou.(C) 31 Dezyèm nan se: Renmen pwochen w[c] menm jan ak pwòp tèt ou.(D) Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.”

32 Lè sa a, direktè Lalwa a di li: “Ou gen rezon, Mèt. Bondye nou an se sèl Bondye. Pa gen lòt kon li. 33 Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”

34 Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò.

Èske Mesi a se pitit David?

(Mat 22:41-46; Lik 20:41-44)

35 Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, li mande: “Ki jan doktè lalwa yo ka di Mesi a se pitit David? 36 Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di:

Senyè a di, Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
    jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.(E)

37 David, li menm, rele Mesi a Senyè. Alòs, kijan l fè pitit li?”

Pèp la te pran plezi tande l.

Jezi kritike pwofesè lalwa yo

(Mat 23:6-7; Lik 11:43; 20:45-47)

38 Nan ansèyman li, Jezi te di: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. 39 Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 40 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye

(Lik 21:1-4)

41 Apre sa, Jezi te chita anfas bwat[d] kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan. 42 Men te vin gen yon pòv vèv ki mete de ti pyès kuiv ki te vo kèk santim konsa.

43 Jezi rele disip yo, li di yo: “Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a mete plis nan ofrann nan pase tout lòt moun yo. 44 Paske lòt moun yo mete nan sa yo gen anplis, men li menm, malgre mizè li, li bay tout sa l te genyen pou l viv.”

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mat 24:1-25; Lik 21:5-24)

13 Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!”

Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”

Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”

Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la,[e] y ap rive twonpe anpil moun konsa. Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.

Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj. 10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo. 11 Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a.

12 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 13 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.

14 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la,[f] tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 15 Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. 16 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.

17 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. 18 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. 19 Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l. 20 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo.

21 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.[g] 22 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 23 Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.

Lè Jezi va retounen sou latè

(Mat 24:29-51; Lik 21:25-28)

24 Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a,

Solèy la pral vin tou nwa,
    lalin nan ap sispann klere.
25 Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
    epi puisans nan syèl yo pral tranble.[h]

26 Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 27 Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.

28 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 29 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 30 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 31 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.

32 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. 33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.

34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36 Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37 Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”

Footnotes

  1. 12:19 Gade nan Det 25:5-6.
  2. 12:26 touf bwa … boule a Gade nan Egz 3:1-12.
  3. 12:31 pwochen w Pwochen oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  4. 12:41 bwat Se te yon seri bwat anbwonz yo te mete kote moun yo te konn adore. Se nan bwat sa yo moun yo te konn mete ofrann yo pote pou Bondye.
  5. 13:6 Kris la Literalman, “moun espesyal la”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Mat 24:5.
  6. 13:14 sila a k ap detwi tout bagay la Gade nan Dan 9:27; 11:31; 12:11.
  7. 13:21 Pa okipe l Literalman, “pa kwè l”.
  8. 13:24-25 Gade nan Eza 13:10; 34:4.