Add parallel Print Page Options

28 ¶ Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.

Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.

Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.

Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.

Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.

Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.

Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'.

Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.

Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.

10 Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.

11 Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.

12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?

13 Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.

14 ¶ Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.

15 Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.

16 Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.

17 Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.

18 Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.

19 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.

20 ¶ Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?

21 Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.

22 Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.

23 Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.

24 Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la.

25 Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a,

26 lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,

27 se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.

28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

29 ¶ Jòb tanmen pale ankò, li di:

-Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?

Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a.

Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen.

Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo.

Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.

¶ Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,

wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.

Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.

10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.

11 Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'.

12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.

13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.

14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri.

15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.

16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.

17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.

18 ¶ Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.

19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.

20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.

21 Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.

22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.

23 Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.

24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.

25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.