Add parallel Print Page Options

20 ¶ Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

-Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.

Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.

Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,

mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.

Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,

y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.

Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.

Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.

10 ¶ Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.

11 Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.

12 Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.

13 Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.

14 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.

15 Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.

16 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.

17 Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.

18 L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.

19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.

20 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.

21 Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.

22 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.

23 ¶ Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.

24 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.

25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.

26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.

27 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.

28 Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.

29 Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.

21 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

-Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a!

Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou!

Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò!

Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch.

Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble.

¶ Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?

Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.

Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.

10 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte.

11 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.

12 Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.

13 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.

14 Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.

15 Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?

16 Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non.

17 ¶ Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo,

18 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?

19 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?

20 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.

21 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?

22 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?

23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.

24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.

25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè.

26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.

27 ¶ Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.

28 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.

29 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?

30 Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!

31 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?

32 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.

33 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.

34 Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.