Add parallel Print Page Options

21 ¶ -Men regleman w'a mete devan moun pèp Izrayèl yo:

Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l' sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gen dwa al fè wout li san l' pa gen anyen pou l' peye ou.

Si li te pou kont li lè l' te vini an, li va ale pou kont li. Si li te gen madanm lè l' te vini an, madanm lan va ale avè l'.

Si se mèt li ki te ba li madanm, epi madanm lan te fè pitit pou li, ni pitit yo, ni manman lan va rete pou mèt la. Msye va al fè wout li pou kont li.

Men, si esklav la di: Mwen renmen mèt mwen, mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen yo, mwen pa vle vin lib ankò,

enben, lè sa a, mèt la va mennen l' devan Bondye. L'a fè l' pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.

Lè yon nonm vann pitit fi li pou sèvi esklav, pitit fi sa a pa ka lib ankò, jan yo ka fè l' pou gason yo.

Si mèt la te fin dakò pou l' te pran fi a pou madanm, epi si apre sa fi a pa fè l' plezi ankò, msye va fè yon jan pou papa ak manman fi a achte l' nan men li ankò. Men, li pa gen dwa vann li bay yon moun lòt nasyon, paske se trayi l'a trayi fi a lè sa a.

Men, si li te fè lide bay pitit gason l' fi a, se pou l' aji avè l' tankou si se te pròp pitit fi li.

10 Si li pran yon lòt madanm sou li, li pa gen dwa wete anyen sou sa li dwe l': ni sou manje l', ni sou rad li, epi se pou l' toujou sevi ak li tankou madanm li.

11 Si li pa fè twa bagay sa yo pou li, madanm lan gen dwa ale fè wout li, san li pa gen anyen pou l' peye mèt la, san bay senk kòb.

12 ¶ Si yon moun leve men l' sou yon lòt, epi li touye l', moun sa a, se pou yo touye l' tou.

13 Men, si se pa espre li fè, si se Bondye ki fè lòt moun lan tonbe anba men l', m'ap chwazi yon kote pou l' ale kache kò l'.

14 Men, si yon moun chache yon lòt kont, epi li fè plan pou li touye l', li te mèt al kache bò kote lòtèl mwen an, se pou n al pran l' pou nou touye l'.

15 Si yon moun leve men l' sou papa l' osinon sou manman l', se pou yo touye l'.

16 Si yon moun pran yon lòt pa fòs pou l' al vann li osinon pou kenbe l' lakay li, se pou yo touye l'.

17 Si yon moun bay papa l' osinon manman l' madichon, se pou yo touye l'.

18 Lè de moun gen kont, si yonn bay lòt yon koutwòch osinon yon koutpwen, epi si sak resevwa kou a pa mouri, men li blije pran kabann, men jan pou sa regle:

19 Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l' kou a. Tansèlman, l'a gen pou l' peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l' jouk li geri.

20 Lè yon moun leve men l' sou yon esklav li, kit se gason, kit se fi, pou ba li koutbaton, si esklav la mouri frèt, se pou yo pini mèt la.

21 Men, si esklav la fè yon jou osinon de jou anvan l' mouri, se pa nesesè pou yo pini mèt la, paske se lajan pa l' li te mete deyò pou l' achte l'.

22 ¶ Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside.

23 Men, si malè rive fanm lan, y'a fè l' peye lavi pou lavi,

24 yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye,

25 boule pou boule, blese pou blese, foule pou foule.

26 Lè yon moun frape yon esklav li nan je, kit se yon gason, kit se yon fanm, si esklav la pèdi je a, mèt la va ba li libète l' pou dedomajman pou je a.

27 Si se dan yon esklav li rache, l'a ba li libète li pou dedomajman pou dan an.

28 Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen.

29 Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l'.

30 Men, si yo mande mèt bèf la pou l' peye pou l' ka sove lavi pa l', se pou l' peye tou sa y'a mande l' la.

31 Si bèf la atake yon ti gason osinon yon ti fi, se menm règleman an ki pou fèt.

32 Si bèf la atake yon esklav, kit se gason, kit se fi, mèt bèf la va bay mèt esklav la trant pyès an ajan. Bèf la menm, y'a touye l' ak koutwòch.

33 Si yon moun kite yon pi dekouvri, ou ankò si l'ap fouye yon pi epi li kite l' san kouvèti, si yon bèf osinon yon bourik vin tonbe ladan l',

34 se pou mèt pi a peye mèt bèt la sa bèt la vo. Bèt mouri a menm va rete pou mèt pi a.

35 Si yon moun gen yon bèf ki touye bèf yon lòt moun ak yon koutkòn, de mesye yo va vann bèf vivan an, y'a separe lajan an mwatye pou mwatye. y'a separe vyann bèf ki mouri a tou.

36 Men, si se pa premye fwa bèf la ap bay koutkòn, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, nan ka sa a, mèt bèf la gen pou peye. L'a bay yon bèf vivan pou bèf ki mouri a. Bèf mouri a menm va rete pou li.

22 ¶ Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an.

Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab.

Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a.

Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn.

Si yon moun kite bèt li manje nan jaden yon lòt, osinon nan jaden rezen li, si yon moun kite bèt li lage pou yo fè kont dega nan jaden yon lòt moun, li gen pou l' dedonmaje lòt moun lan. L'a ba li pi bon bagay li gen nan jaden pa l' la osinon nan jaden rezen l' yo.

Si yon dife pran yon kote, li tonbe nan zèb chèch epi li rive boule danre ki nan depo, osinon grenn ki fin keyi, ou ankò yon jaden tou plante, moun ki lakòz dife a va peye yon dedomajman.

¶ Si yon moun pran lajan l' osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l' pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè.

Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan.

Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman.

10 Si yon moun bay yon frè parèy li gade yon bourik, yon bèf, yon mouton, ou ankò nenpòt ki lòt bèt pou li, si bèt la mouri osinon si malè rive l' ou ankò si piyajè pran l' san pesonn pa wè sa,

11 lè sa a, y'a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t'ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p'ap gen ankenn dedomajman pou l' bay.

12 Men si se vòlò yo te vòlò bèt la nan men l', l'a gen pou l' peye mèt la kichòy.

13 Si se bèt nan bwa ki devore bèt la, l'a pote rès la pou mèt bèt la ka wè ak de je l' se pa manti l'ap ba li. Li p'ap gen anyen pou l' peye pou sa.

14 Si yon moun prete yon bèt nan men yon frè parèy li, epi malè rive bèt la, osinon li mouri an absans mèt li, se pou l' peye mèt bèt la kichòy.

15 Men, si mèt la te la lè malè a rive, moun lan pa gen anyen pou l' peye. Si se yon bèt li te lwe, se pri li te lwe l' la ase pou li bay.

16 ¶ Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fiyanse, epi li kouche avè l', li gen pou l' peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l' marye ak jenn fi a.

17 Men, si papa jenn fi a refize kite l' marye avè l', tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi.

18 Se pou nou touye tout fanm k'ap fè maji.

19 Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.

20 Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.

21 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.

22 Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.

23 Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m' sekou.

24 m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.

25 ¶ Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.

26 Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.

27 Paske, se sèl rad li gen pou l' mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l' mete sou li pou l' kouvri aswè? Si li rele mande m' sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.

28 Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.

29 Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.

30 N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.

31 Se pou nou mache tankou moun k'ap viv apa pou mwen. Pa manje vyann bèt nou jwenn lòt bèt nan bwa devore. Vyann konsa se chen pou nou jete l' bay.