Add parallel Print Page Options

Maryaj nan ti vil Kana

Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. Pandan fèt la, diven an vin fin i. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.”

Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”

Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”

Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon[a] yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.[b]

Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch.

Lè l fin i, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.”

Yo te fè sa l te di yo fè a. Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. 10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”

11 Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.

12 Apre sa Jezi ale lavil Kapènawòm. Manman li, frè li yo ak disip li yo te ale avèk li. Epi yo te pase de twa jou la.

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-13; Mak 11:15-17; Lik 19:45-46)

13 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, kon sa Jezi t al Jerizalèm. 14 Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. 15 Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. 16 Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”

17 Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la:

“Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.”(A)

18 Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”

19 Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”

20 Jwif yo reponn li: “tanp sa a pran karannsizan (46) pou yo bati l, epi ou menm, nan twa jou ou ap rebati l!”

21 Men, tanp Jezi t ap pale a, se te pwòp kò li. 22 Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.

23 Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. 24 Men Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen ki moun yo ye. 25 Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.

Footnotes

  1. 2:6 seremoni pirifikasyon Jwif yo te genyen yon bann prensip nan relijyon yo pou fè seremoni pirifikasyon avèk dlo anvan yo manje, anvan yo adore nan tanp lan ak yon bann lòt okazyon espesyal. Gade tou nan chapit 3:25.
  2. 2:6 20 pou rive 30 galon konsa Literalman, “2 oubyen 3 metretas”, anviwon 80 a 120 lit konsa.

Jesus Changes Water Into Wine

On the third day a wedding took place at Cana in Galilee.(A) Jesus’ mother(B) was there, and Jesus and his disciples had also been invited to the wedding. When the wine was gone, Jesus’ mother said to him, “They have no more wine.”

“Woman,[a](C) why do you involve me?”(D) Jesus replied. “My hour(E) has not yet come.”

His mother said to the servants, “Do whatever he tells you.”(F)

Nearby stood six stone water jars, the kind used by the Jews for ceremonial washing,(G) each holding from twenty to thirty gallons.[b]

Jesus said to the servants, “Fill the jars with water”; so they filled them to the brim.

Then he told them, “Now draw some out and take it to the master of the banquet.”

They did so, and the master of the banquet tasted the water that had been turned into wine.(H) He did not realize where it had come from, though the servants who had drawn the water knew. Then he called the bridegroom aside 10 and said, “Everyone brings out the choice wine first and then the cheaper wine after the guests have had too much to drink; but you have saved the best till now.”

11 What Jesus did here in Cana of Galilee was the first of the signs(I) through which he revealed his glory;(J) and his disciples believed in him.(K)

12 After this he went down to Capernaum(L) with his mother(M) and brothers(N) and his disciples. There they stayed for a few days.

Jesus Clears the Temple Courts(O)

13 When it was almost time for the Jewish Passover,(P) Jesus went up to Jerusalem.(Q) 14 In the temple courts he found people selling cattle, sheep and doves,(R) and others sitting at tables exchanging money.(S) 15 So he made a whip out of cords, and drove all from the temple courts, both sheep and cattle; he scattered the coins of the money changers and overturned their tables. 16 To those who sold doves he said, “Get these out of here! Stop turning my Father’s house(T) into a market!” 17 His disciples remembered that it is written: “Zeal for your house will consume me.”[c](U)

18 The Jews(V) then responded to him, “What sign(W) can you show us to prove your authority to do all this?”(X)

19 Jesus answered them, “Destroy this temple, and I will raise it again in three days.”(Y)

20 They replied, “It has taken forty-six years to build this temple, and you are going to raise it in three days?” 21 But the temple he had spoken of was his body.(Z) 22 After he was raised from the dead, his disciples recalled what he had said.(AA) Then they believed the scripture(AB) and the words that Jesus had spoken.

23 Now while he was in Jerusalem at the Passover Festival,(AC) many people saw the signs(AD) he was performing and believed(AE) in his name.[d] 24 But Jesus would not entrust himself to them, for he knew all people. 25 He did not need any testimony about mankind,(AF) for he knew what was in each person.(AG)

Footnotes

  1. John 2:4 The Greek for Woman does not denote any disrespect.
  2. John 2:6 Or from about 75 to about 115 liters
  3. John 2:17 Psalm 69:9
  4. John 2:23 Or in him