Add parallel Print Page Options

22 Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou. 23 Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase. 24 Bib la di:

“Moun se tankou zèb yo ye,
    tout chèlbè y ap fè a, se tankou flè nan jaden.
Yo seche epi yo tonbe.
25     Men pawòl Bondye a la pou tout tan.”(A)

Se pawòl sa a menm nou te tande a.

Jezi se wòch ki pi enpòtan an

Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay. Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove. Nou gentan goute jan Senyè a bon deja.

Jezi, Senyè a, se wòch vivan an.[a] Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li. Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp[b] espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. Bib la di:

“Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè,
    mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an.
Moun ki mete konfyans yo nan li
    p ap janm wont.”(B)

Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo:

“Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”(C)

Pou moun sa yo, li se

“yon wòch k ap fè moun fè bitay,
    yon wòch k ap fè moun tonbe.”(D)

Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.

Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.

10 Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye,
    men kounye a, nou se pèp Bondye.
Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou,
    men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.[c]

Viv pou Bondye

11 Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an. 12 Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.

Obeyi chèf

13 Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a. 14 Obeyi chèf wa a mete tou pou pini moun k ap fè move bagay ak pou rekonpanse moun k ap fè bon bagay. 15 Lè n fè byen, nou fèmen bouch moun sòt yo, pou yo pa ka di move bagay sou nou. 16 Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye. 17 Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.

Footnotes

  1. 2:4 wòch vivan an Wòch ki pi enpòtan nan tanp espirityèl Bondye a (pèp Bondye a).
  2. 2:5 tanp Literalman, “kay”, lakay Bondye, plas kote pèp Bondye a ap adore l. Isit la, li vle di kwayan yo se tanp espirityèl la kote Bondye ap viv.
  3. 2:10 Gade nan Oze 2:23.