Add parallel Print Page Options

Sakrifis Jezikris a sifi

10 Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.

Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye:

“Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann,
    men, ou te prepare yon kò pou mwen.
Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo.
    Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo.
Epi mwen di: men mwen Bondye
    mwen vini pou m fè tout sa ou vle
    selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.”(A)

Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.) Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra. 10 Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen.

11 Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. 12 Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. 13 Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li.[a] 14 Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.

15 Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:

16 “SENYÈ a di se pwomès sa a[b] m ap fè
    avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.
M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.
    M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”(B)

17 Apre sa, li di:

“M ap pase yon trè sou peche yo.
    M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”(C)

18 Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.

Pwoche bò kote Bondye

19 Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. 20 Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. 21 Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. 22 Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la. 23 An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.

An nou motive youn lòt

24 An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. 25 An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.

Pa vire do bay Jezi

26 Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo. 27 Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye. 28 Yo te bezwen temwayaj de oubyen twa temwen sèlman pou kondane moun ki te vyole lalwa Moyiz la. Moun sa a te jwenn lanmò san okenn konpasyon. 29 Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal. 30 Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.”(D) Li di ankò: “Senyè a gen pou jije pèp li a.”(E) 31 Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!

Kenbe fèm, pa lage

32 Sonje jan nou te rete fidèl depi nan kòmansman lè nou te fèk aprann verite a. Nou te nan gwo batay, te gen anpil soufrans, men nou te kenbe fèm. 33 Pafwa yo te konn di nou move bagay epi yo te konn trete nou mal devan tout moun. Gen lòt fwa se nou menm menm ki t ap ede moun yo te konn bay kalite tretman konsa. 34 Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.

35 Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire. 36 Nou bezwen pasyans pou n fè sa Bondye vle nou fè, epi pou n jwenn sa l pwomèt nou. 37 Se li menm ki di:

“Talè konsa, sila ki gen pou vini an
    pral vini, epi li p ap anreta.
38 Moun Bondye aksepte a,[c]
    ap viv pa lafwa.
Men mwen p ap pran plezi
    nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”(F)

39 Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.

Footnotes

  1. 10:13 mete tout lènmi l yo anba kontwòl li Literalman, “fè yo tounen yon ti ban pou l mete pye l.”
  2. 10:16 pwomès sa a Sa vle di kontra ki nouvo epi ki pi bon an Bondye te bay pèp li a pa mwayen Jezikris. Gade Kontra nan Lis Mo yo.
  3. 10:38 Moun Bondye aksepte a Nan orijinal la, se “moun ki jis la”. Yo itilize mo jis kòm yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye t ap chwazi dapre pwomès li te fè nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 7:52; 22:14; Ebre 10:38.

Christ’s Sacrifice Once for All

10 The law is only a shadow(A) of the good things(B) that are coming—not the realities themselves.(C) For this reason it can never, by the same sacrifices repeated endlessly year after year, make perfect(D) those who draw near to worship.(E) Otherwise, would they not have stopped being offered? For the worshipers would have been cleansed once for all, and would no longer have felt guilty for their sins.(F) But those sacrifices are an annual reminder of sins.(G) It is impossible for the blood of bulls and goats(H) to take away sins.(I)

Therefore, when Christ came into the world,(J) he said:

“Sacrifice and offering you did not desire,
    but a body you prepared for me;(K)
with burnt offerings and sin offerings
    you were not pleased.
Then I said, ‘Here I am—it is written about me in the scroll(L)
    I have come to do your will, my God.’”[a](M)

First he said, “Sacrifices and offerings, burnt offerings and sin offerings you did not desire, nor were you pleased with them”(N)—though they were offered in accordance with the law. Then he said, “Here I am, I have come to do your will.”(O) He sets aside the first to establish the second. 10 And by that will, we have been made holy(P) through the sacrifice of the body(Q) of Jesus Christ once for all.(R)

11 Day after day every priest stands and performs his religious duties; again and again he offers the same sacrifices,(S) which can never take away sins.(T) 12 But when this priest had offered for all time one sacrifice for sins,(U) he sat down at the right hand of God,(V) 13 and since that time he waits for his enemies to be made his footstool.(W) 14 For by one sacrifice he has made perfect(X) forever those who are being made holy.(Y)

15 The Holy Spirit also testifies(Z) to us about this. First he says:

16 “This is the covenant I will make with them
    after that time, says the Lord.
I will put my laws in their hearts,
    and I will write them on their minds.”[b](AA)

17 Then he adds:

“Their sins and lawless acts
    I will remember no more.”[c](AB)

18 And where these have been forgiven, sacrifice for sin is no longer necessary.

A Call to Persevere in Faith

19 Therefore, brothers and sisters, since we have confidence(AC) to enter the Most Holy Place(AD) by the blood of Jesus, 20 by a new and living way(AE) opened for us through the curtain,(AF) that is, his body, 21 and since we have a great priest(AG) over the house of God,(AH) 22 let us draw near to God(AI) with a sincere heart and with the full assurance that faith brings,(AJ) having our hearts sprinkled to cleanse us from a guilty conscience(AK) and having our bodies washed with pure water.(AL) 23 Let us hold unswervingly to the hope(AM) we profess,(AN) for he who promised is faithful.(AO) 24 And let us consider how we may spur one another on toward love and good deeds,(AP) 25 not giving up meeting together,(AQ) as some are in the habit of doing, but encouraging one another(AR)—and all the more as you see the Day approaching.(AS)

26 If we deliberately keep on sinning(AT) after we have received the knowledge of the truth,(AU) no sacrifice for sins is left, 27 but only a fearful expectation of judgment and of raging fire(AV) that will consume the enemies of God. 28 Anyone who rejected the law of Moses died without mercy on the testimony of two or three witnesses.(AW) 29 How much more severely do you think someone deserves to be punished who has trampled the Son of God(AX) underfoot,(AY) who has treated as an unholy thing the blood of the covenant(AZ) that sanctified them,(BA) and who has insulted the Spirit(BB) of grace?(BC) 30 For we know him who said, “It is mine to avenge; I will repay,”[d](BD) and again, “The Lord will judge his people.”[e](BE) 31 It is a dreadful thing(BF) to fall into the hands(BG) of the living God.(BH)

32 Remember those earlier days after you had received the light,(BI) when you endured in a great conflict full of suffering.(BJ) 33 Sometimes you were publicly exposed to insult and persecution;(BK) at other times you stood side by side with those who were so treated.(BL) 34 You suffered along with those in prison(BM) and joyfully accepted the confiscation of your property, because you knew that you yourselves had better and lasting possessions.(BN) 35 So do not throw away your confidence;(BO) it will be richly rewarded.

36 You need to persevere(BP) so that when you have done the will of God, you will receive what he has promised.(BQ) 37 For,

“In just a little while,
    he who is coming(BR) will come
    and will not delay.”[f](BS)

38 And,

“But my righteous[g] one will live by faith.(BT)
    And I take no pleasure
    in the one who shrinks back.”[h](BU)

39 But we do not belong to those who shrink back and are destroyed, but to those who have faith and are saved.

Footnotes

  1. Hebrews 10:7 Psalm 40:6-8 (see Septuagint)
  2. Hebrews 10:16 Jer. 31:33
  3. Hebrews 10:17 Jer. 31:34
  4. Hebrews 10:30 Deut. 32:35
  5. Hebrews 10:30 Deut. 32:36; Psalm 135:14
  6. Hebrews 10:37 Isaiah 26:20; Hab. 2:3
  7. Hebrews 10:38 Some early manuscripts But the righteous
  8. Hebrews 10:38 Hab. 2:4 (see Septuagint)